Accessibility links

Breaking News

2 Nèg Anba Akizasyon dèske Yo Responsab Eksplozyon Fedatifis Ki Touye 4 Moun nan Eta Misouri


A protester wearing a mask holds a firework during a rally outside the headquarters of the Siam Commercial Bank, a publicly-held company in which the Thai king is the biggest shareholder, in Bangkok Thailand, Nov. 25, 2020.
A protester wearing a mask holds a firework during a rally outside the headquarters of the Siam Commercial Bank, a publicly-held company in which the Thai king is the biggest shareholder, in Bangkok Thailand, Nov. 25, 2020.

Black Jack, Misouri- 2 nèg tonbe anba akizasyon dèske yo responsab lanmò 4 moun nan eksplozyon ki fèt nan yon kay nan vil Saint Louis, nan Eta Misouri. Dapre otorite yo, viktim yo t ap rasanble pyès fedatifis nan yon garaj.

Biwo Pakè Awondisman Saint Louis a fè konnen 2 sispèk yo, Terrell Cooks, ki gen 37 an, ak Seneca Mahan, ki gen 43 an, abitye fabrike fedatifis e yo konn montre jenn moun kijan pou yo chaje mech li ak fason pou yo limen li. Apre sa, jenn moun sa yo al vann fedatifis la ak lòt moun. Men okenn nan 2 mesye yo pa gen lisans ni pou yo fabrike, ni pou yo vann fedatifis.

Lajistis lage sou do Cooks ak Mahan 3 chèf dakizasyon pou asasina o 2èm degre ak divès lòt akizasyon pou eksplozyon an ki te rive vandredi tou prè vil Black Jack. Pakè a te lage akizasyon sa yo sou do 2 mesye yo anvan 4èm viktim nan te trepase samdi.

Otorite yo idantifye viktim gwo kokenn eksplozyon an, ki te souke kèk lòt kay epi kraze divès fenèt nan vwazinaj la: Travell Eason, 16 an; Christopher Jones, 17 an; Damario Cooks, 18 an; epi William Jones, 21 an. Otorite yo di yon timoun 12 an blese tou nan eksplozyon an.

XS
SM
MD
LG