Accessibility links

Breaking News

Basketball Ameriken: Golden State Warriors Kale Boston Celtics nan Match Final NBA a


Golden State Warriors - Gary Payton II, com o troféu Larry O'Brien, e Klay Thompson celebram o título de campeões depois de vencerem contra o Boston Celtics no jogo 6 da final da NBA
Golden State Warriors - Gary Payton II, com o troféu Larry O'Brien, e Klay Thompson celebram o título de campeões depois de vencerem contra o Boston Celtics no jogo 6 da final da NBA

Ekip basketball ameriken The Golden State Warriors ranpòte laviktwa sou Boston Celtics nan sware jedi 16 jen an sou yon skò 103-90, nan okazyon 6èm match seri a ki dewoule lakay Boston. Sa fè 4èm fwa ekip Warriors yo ranpòte chanpyona nasyonal la nan 8 tan.

Warriors yo ranpòte viktwa sa a 2 sezon sèlman apre yo te fini nan ke lig la, akoz blese 2 jwè vedèt yo, Stephen Curry ak Klay Thompson, te sibi.

Sepandan, nan rankont jedi swa a, Curry ak Thompson te nan tèt jwèt yo, kote Curry make 33 pwen, tandiske Thompson make 12 pwen, nan 5 sou 20 chout li fè nan jwèt final la. Lè dnye kout kloch la te sonnen, 2 jwèyo te bay akolab.

Draymond Green, li menm tou, te pote yon bon kontribisyon nan viktwa mesye Warrios yo, avek 12 pwen, 12 rebon epi 8 asis.

Bo kote Boston Celtics, Jaylen Brown make 34 pwen; ko-ekipye li Al Horford make 19 pwen epi li fè14 rebon. Pandansetan, ko-ekipye yo Jayson Tatum make 13 pwen pou 6 nan 18 chout li fè sou basket la.

Anvan sa, dènye fwa Boston Celtics te pèdi final NBA a sete an 2008.

XS
SM
MD
LG