Accessibility links

Breaking News

Anbasadris Etazini nan LONU Eksprime Kè Sote pou Sitiyasyon an ann Ayiti


Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.
Foto Achiv: Anbasade Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield pale ak jounalis yo pandan yon konferans pou lapres nan katye jeneral Nasyonzini, 1 Mas, 2021.

Anbasadris Etazini nan Nasyonzini, Linda Thomas-Greenfield, anonse sou kont Twitter ofisyèl li ke li te rankontre ak Direktris Biwo Entegre Nasyonzini pou Ayiti a, BINU, Madan Helen La Lime, pou yo te diskite sou sitiyasyon an ann Ayiti.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an pral diskite sou dosye Ayiti a Jedi k ap vin la a nan Nouyòk. Pami sijè diskisyon yo gen renouvèlman manda BINU a. Anbasadris Thomas Greenfield deklare:

"Li ijan pou gen pwogrè nan efò k ap fèt pou fè fas ak defi politik, sekirite ak imanitè Ayiti ap konfwonte yo."


Korespondan VOA nan Nasyonzini, Margaret Besheer kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG