Accessibility links

Breaking News

Pri Aksyon yo Sou Mache Bousye a Tonbe

A cyclist wearing a protective mask stands in front of an electronic stock board showing Japan's Nikkei 225 index June 14, 2022, in Tokyo. Asian shares fell across the board Tuesday after Wall Street tumbled into a bear market, indicating that major U.S.

Pri aksyon yo sou mache bousye a tonbe-leve madi nan premye tranzaksyon yo apre yo te fin plonje desann an flèch akoz kè-sote pou yon ekonomi ki frajil kote to enterè yo ap moute.

S&P 500 te pran yon wòs 1 dizyèm nan 1 pousan nan tranzaksyon ki fèt bonè madi apre kèk gwo konpayi te pran fòs ak plis pwofi e te peye envestisè-yo. Sepandan sete yon avans klopen-klopan, kote mache a te varye ant pèt 1 dizyèm nan 1 pousan ak benefis 8 dizyèm nan 1 pousan nan premye demi èd-tan-an.

Sa ki pozitif, enflasyon nan machandiz an gwo te redui yon ti kras plis pase sa analis te espere nan mwa Me pase-a, malgre li rete wo.

Lagè Ikrèn nan fè pri petwòl ak manje moute an flèch e fè konsomatè pa anvi depanse lajan, sitou ann Ewòp.

Sepandan Enfeksyon Covid an Chin mete kèk gwo restriksyon nan biznis e menase pou mete baton nan wou 2èm pi gran ekonomi mondyal la e lakoz plis pwoblèm nan chèn distribisyon pwodui yo.

XS
SM
MD
LG