Accessibility links

Breaking News

Etazini: Lajistis Akize yon Moun ki Tap Fè Tantativ Pou Touye Yon Jij Kou Siprèm lan


FILE - A demonstrator holds up a a sign with pictures of Supreme Court Justices Clarence Thomas, Brett Kavanaugh, Samuel Alito, Amy Coney Barrett, and Neil Gorsuch, as people protest outside of the U.S. Supreme Court, May 3, 2022.
FILE - A demonstrator holds up a a sign with pictures of Supreme Court Justices Clarence Thomas, Brett Kavanaugh, Samuel Alito, Amy Coney Barrett, and Neil Gorsuch, as people protest outside of the U.S. Supreme Court, May 3, 2022.

Yon jèn Ameriken tonbe anba akizasyon Mèkredi pou tantativ asasina, apre otorite yo te arete l, byen ame, toupre kay yon jij konsèvatif nan Kou Siprèm nan Etazini, dapre otorite yo li te vle touye jij la epi poul te tiye tèt li apre.

2 Pwojè (avòtman ak zam afe) ap ogmante tansyon yo plis Ozetazini kote tribinal la, dwe rann vèdik 30 jen sou desizyon sou dwa a avòtman ak zam afe.

Nicholas Roske, ki gen 26 lan, te pran yon taksi e li te pran direksyon kay nan jij konsèvatè Brett Kavanaugh nan Chevy Chase ki se yon katye grannèg nan nò Washington, nan mitan lannwit lan, dapre yon dokiman ke tribinal la pibliye.

Li te rive nan taksi ak yon sakado ak yon lot valiz, imedyatman li te wè prezans lapolis e li te kouri deplase kite kote kay la ye a. Yon ti tan apre, li te rele sèvis ijans lokal yo pou rapòte sa li gen entansyon fè, tankou touye tèt li ak asasine yon jij.

Lapolis te arete l san okenn difikilte alantou 1:50 a.m. (05:50 GMT).

Nan bagaj li yo, yo jwenn yon zam, 2 magazin ak minisyon, yon kouto, gaz lakrimojèn, menòt, epi yon vès.

Li te di envestigatè li te fache kont Tribinal Kou Siprèm lan poutèt yon desizyon yo gen pou pran kont avòtman ak tou sou dosye zam akoz fiziyad ki ka touye plizyè moun nan yon lekòl nan Texas.

Nicholas Roske kwè ke Jij Kavanaugh sipòte yon ekstansyon pou bay moun dwa pou pote zam, li eksplike ke li vle touye l.

XS
SM
MD
LG