Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Gen Plan pou l Relanse Sektè Touristik la Ke Pandemi KOVID la Frape Gravman


FILE PHOTO: Illustration shows vials labelled "VACCINE Coronavirus COVID-19" and a syringe in front of a displayed U.S. flag
FILE PHOTO: Illustration shows vials labelled "VACCINE Coronavirus COVID-19" and a syringe in front of a displayed U.S. flag

Washington - Depatman Komès ameriken an bay detay lendi sou yon nouvo estrateji pou yon bon relans sektè touristik la, ki sibi gwo dega akoz pandemi KOVID-19 la, mete sou restriksyon gouvènman an enpoze sou vwayaj. Pou reyalize objektif sa a, administrasyon Biden nan pral relache règleman ki fikse kondisyon pou touris etranje antre nan peyi pandanke, an menm tan, li pral fè pwomosyon pou destinasyon ki diferan.

Minis Komès la, Gina Raimonda, deklare:

“Gen anpil endistri ki konpòte yo byen malgre pandemi KOVID la; men domèn vwayaj la ak sektè touristik la pa ladan yo.”

Dapre yon kopi plan estatejik la ki rive jwenn Reuters, gouvènman w fè plis efò pou apiye yon relans nan domèn vwayaj la ak sektè touristik la pou l garanti ke endistri a rekanpe sou pye l yon fason pou l vin “pi rezistan devan difikilte, pi dirab epi pi ekitab.”

An 2019, Lèzetazini te resevwa 79 milyon 400 mil vizitè, yon chif ki te desann rive 19 milyon 200 mil an 2020, ane kote pandemi an te komanse a; men kantite a te remonte an 2021 pou l te rive 22 mil 100 milyon.

Daprè Depatman Komès la, vizitè etranje yo te depanse 239 milya 400 milyon dola an 2019; men sèlman 81 milya an 2020. Anvan KOVID la, aktivite touristik yo te ofri 9 milyon 500 mil job Ozetazini, avèk yon antre global yon trilyon 900 milya dola nan ekonomi an.

XS
SM
MD
LG