Accessibility links

Breaking News

Pakistan Rapòte 7 ka Polio Viris Sovaj li Pou Ane a


Pakistan rapòte 7 tyèm ka polio viris sovaj li ane sa a aprè peyi a te pase 15 mwa san l pat gen yon sèl ti moun ki te domaje akoz maladi ki kontajiez anpil sa a .

Pwogram eradikasyon nasyonal la fè konnen jedi ki sot pase a yo te konfime yon ti fi ki gen 7 mwa e ki te paralize akoz virus la nan Waziristan Nò, yon distri ki chaje ak pwoblèm nan Pakistan ki vwazen Afghanistan.

Tout ti moun ki konfime avek ka poliovirus sovaj la se nan Waziristan Nò kote yo atann aske ap gen plis ka toujou .

Pakistan ak Afghanistan se sèl 2 peyi kote polio a kontinye ap paralize ti moun yo malgre kantite ka yo nan ane ki pase yo te bese seriezman sou tou 2 bò fwontyè a.

Dènye fwa yon ti moun te paralize nan Pakistan se te nan mwa janvye 2021. Yo te rapòte yon ka enfeksyon polio viris sovaj la ane sa a e 4 ka nan lane 2021.

Semèn pase a, Pakistan te fè 2zyèm kanpay iminizasyon ni pou ane a – li te deplwaye plis pase 300 mil travayè swen sante e li te rive touche 43 milyon ti moun ki te gen mwens pase 5 kan.

XS
SM
MD
LG