Accessibility links

Breaking News

Biden Sipliye Kongrè a pou l Apwouve "Lwa ki Fè Sans" Nan Dosye Zam


President Joe Biden speaks about the latest round of mass shootings, from the East Room of the White House in Washington, June 2, 2022. Biden is attempting to increase pressure on Congress to pass stricter gun limits.
President Joe Biden speaks about the latest round of mass shootings, from the East Room of the White House in Washington, June 2, 2022. Biden is attempting to increase pressure on Congress to pass stricter gun limits.

Prezidan Etazini Joe Biden, nan yon diskou li mete devan nasyon an etan nan Mezon Blanch, yè swa, priye Kongrè a pou li apwouve "lwa ki fè sans" pou eseye redui nan kantite moun k ap mouri anba bal, sa ki choke anpil Ameriken.

Men kèk palmantè ap chache mete plis restriksyon limite apre 3 tire ki fèt nan mwa ki pase a: 10 Nwa tonbe anba atak yon rasis nan Buffalo, New York; 21 elèv ak pwofesè mouri anba bal nan klas yo nan yon Lekòl Primè nan bouk Uvalde, nan Texas; e 4 lòt moun pèdi lavi yo nan yon lopital nan vil Tulsa nan eta Oklahoma.

Komisyon Jistis nan Chanm Reprezantan an fè deba, jedi, sou yon pwojè-lwa ke li konsidere kòm yon repons ann ijans pou tire sa yo. Li ta ogmante laj pou moun achte yon zam daso, soti nan 18 an pou mete li nan 21 lane, tankou

Prezidan an mande nan diskou yè swa a. Chanm nan rete divize sou kesyon zam.

"Konbe masak ki dwe fèt anvan gen lwa pou kontwole zam nan peyi-a?" Se kesyon sa-a Biden poze nan diskou a.

XS
SM
MD
LG