Accessibility links

Breaking News

Biden Fè Konnen Etazini Ap Voye Bay Ikrèn Yon lo $700 Milyon Asistans


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 31 Me, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale nan Biwo Oval Lamezonblanch la, Madi 31 Me, 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden fè konnen mèkredi Etazini ap voye bay Ikrèn yon lo $ 700 milyon asistans ki gen sistèm wokèt ak minisyon pi avanse, nan moman envazyon laRisi a antre nan 4èm mwa li, men otorite nan Mezon Blanch di Ikrèn sèmante pou l pa tire wokèt sa yo sou teritwa LaRisi.

Dirijan yo nan administrasyon an fè konnen nouvo zam sa yo "baze sou bezwen" moman an nan etap konfli a rive kounye a, nan lès Ikrèn.

Li di Etazini t ap voye 4 nan nouvo sistèm wokèt yo, e ke sa ap pran apeprè 3 semèn pou antrene fòs Ikrèn yo sou jan pou sèvi ak yo. Li pa vle di ki kote antrènman an ap fèt, men li di zam yo te deja sou kontinan Ewòp la.

XS
SM
MD
LG