Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Rapò Detaye Sou Wòl Eta Kalifòni nan Diskriminasyon Kont Nwa Ameriken


PEOPLE-WOODS/
PEOPLE-WOODS/

Mouvman reparasyon pou esklavaj la rive nan yon kalfou enpòtan mèkredi 2 Jen 2022 a, ak piblikasyon yon rapò detaye sou wòl eta Kalifòni nan kontinye diskriminasyon kont Nwa Ameriken, yon gran pa nan edikasyon piblik la e nan pare teren pou yon otorite nan gouvènman an prezante ekskiz e pou koze a rive nan dedomajman finansye.

Dokiman an, ki gen 500 paj, mete sou tab tout maspinay ke desandan moun ki te nan esklavaj yo te sibi, e ke y ap pran, menm jounen jodi a, lontan apre abolisyon esklavaj nan 19èm syèk la, akoz lwa ki fè diskriminasyon, ak aksyon ki fèt nan tout aspè lavi a, soti nan lòjman ak edikasyon pou rive nan job ak sistèm legal la.

Justin Hansford, ki ap plede pou reparasyon depi lontan, ki se yon pwofesè dwa nan Inivèsite Howard, e direktè Sant Thurgood Marshall pou Dwa Sivik nan Washington,

pale pou di ke moman sa a eksitan e li kalifye dokiman an kòm yon moniman.

"Lè gen detay ofisyèl ki soti nan eta a menm sou istwa sa yo, sa enpòtan," se Hansford ki pale konsa. Li di, "Mwen konnen anpil moun ki di kòmkwa nou pa bezwen kontinye ap fè etid, men reyalite a sèke toutotan pawòl sa a pa soti nan yon sous ke pèp-la konsidere kòm san paspouki, toutotan sa pa fèt, l ap pi difisil pou konvenk tout moun ke kèk nan inegalite sa yo reyèl."

Rapò sa a vini nan moman deba ap fèt nan komite distri lekòl yo pou konnen ki sa elèv dwe tande oubyen pa dwe tande nan klas.

XS
SM
MD
LG