Accessibility links

Breaking News
Azi

L’ONU: Kantite Moun Ki Deplase nan Bimani Depase yon Milyon


Nan foto sa a ke lame Birmani founi bay jounalis, gen 4 moun ki blese ki kouche sou twotwa a bo kote yon are otobis kote k te gen yon eksplozyon anba lavil Rangoon, kapital Birmani, 31 Me, 2022.
Nan foto sa a ke lame Birmani founi bay jounalis, gen 4 moun ki blese ki kouche sou twotwa a bo kote yon are otobis kote k te gen yon eksplozyon anba lavil Rangoon, kapital Birmani, 31 Me, 2022.

Nan Bimani, vyolans k ap dewoule apre koudeta kont gouvènman Aung San Suu Kyi a fè kantite moun ki deplase nan peyi a depase yon milyon pou la premye fwa, dapre LONU ki lanse avètisman pou l di pral gen yon sitiyasyon difisil pi devan nan moman sezon monnsoun nan ap pwoche epi goumen yo ap kontinye.
Dapre sa Biwo LONU pou Kowòdinasyon Afè Imanitè (UNOCHA) deklare madi, anviwon 700 mil moun oblije kite kay yo depi lame te ranvèse gouvènman Madam Suu Kyi a ane pase a.
Milis sivil yo fòme kèk gwoup k ap lite kont koudeta a atravè peyi a. Jent militè a reyaji ak yon operasyon sere-boulon ki, daprè gwoup defans dwamoun yo, raze vilaj yo, asasinen moun pa bann e pa pakèt epi sèvi ak aviyasyon militè a pou l lanse atak kont popilasyon sivil la.
Dapre UNOCHA, otorite yo fè boule oubyen detwi plis pase 12 mil pwopriyete sivil depi koudeta a, epi lapli sezon monnsoun nan menase pou l pote plis mizè toujou pou sila yo k ap viv nan kan pou moun deplase yo.

XS
SM
MD
LG