Accessibility links

Breaking News
Azi

Taywan Rapòte Lachin Voye Plizyè Avyon Militè nan Zòn Defans Ayeryen li

FILE - A Y-20 Chinese military transport plane is seen during an airshow in Zhuhai city, southern China, Nov. 7, 2018. Media and military experts said Sunday that six Chinese Y-20 planes landed in Belgrade Saturday, reportedly carrying surface-to-air miss

Taiwan rapòte lendi pi gran kantite aparèy ke avyasyon militè LaChin nan voye nan zòn defans aeryen li, kote ministè defans zile a fè konnen avyon konba Taiwan te bwouye espas ayeryen an pou repouse 30 avyon nan dènye tansyon ki moute nan rejyon an.

Taiwan, ke LaChin reklame kòm teritwa pa li, plenyen pandan apeprè 2 lane ki pase yo pou misyon repete ke avyasyon LaChin fè toupre zile a ki gen yon gouvènman demokratik. Anpil fwa, djèt yo vole nan pati sidwès sa Taiwan rele "zòn idantifikasyon defans aeryen" ki gen abreje ann Angle ADIZ, toupre zile Prat yo ke gouvènman Taipei a kontwole.

Taiwan kalifye aktivite militè repete LaChin ap mennen toupre a kòm operasyon lagè nan sa zile a rele yon "zòn gri," kòm yon mwayen pou epwize fòs Taiwan yo nan fè yo bwouye espas ayeryen an tout tan, e an menm tan pou teste repons Taiwan.

XS
SM
MD
LG