Accessibility links

Breaking News

Ekonomi Amerikèn nan Sibi yon Bès 1,5% pandan Premye Trimès 2022 a


FILE PHOTO: U.S. Treasury Secretary Janet Yellen speaks at the Atlantic Council in Washington
FILE PHOTO: U.S. Treasury Secretary Janet Yellen speaks at the Atlantic Council in Washington

WASHINGTON - Ekonomi amerikèn nan te bese pandan premye trimès ane 2022 a menm si konsomatè yo ak biznis yo te kontinye depanse yon fason konstan. Se sa gouvènman an fè konnen jedi nan yon rapò kote li bese estimasyon li te prevwa pou trimès janvye-mas la.

Bès yo anrejistre nan PIB peyi a –ki se pi gwo faktè nan evalyasyon pwogrè ekonomik- pou premye trimès ane a, pa sanble anonse kòmansman yon resesyon. Sa ki eksplike ralantisman ekonomik sa a an pati, se yon pi gwo defisi balans komèsyal la: peyi a depanse plis lajan pou enpòtasyon pase sa lòt peyi depanse pou yo achte pwodui ameriken. Defisi balans komèsyal la gen yon sipli 3,2% sou PIB pandan premye trimès la.

Epi yon nouvo stokaj pi lan pwovizyon yo nan magazen, boutik ak depo –ki te deja prepare envantè yo pandan trimès presedan an pou sezon fen dane 2021 an- pwovoke yon bès preske 1,1% nan PIB a pou trimès janvye-mas la. Dapre analis yo, ekonomi an rekòmanse fè pwogrè pandan trimès aktyèl la, swa peryòd avril-jen an.

XS
SM
MD
LG