Accessibility links

Breaking News

Endis Pri yo pou Konsomatè Ameriken yo te Bese ann Avril; Enflasyon an Wo Toujou


USA-STOCKS/
USA-STOCKS/

Ozetazini, kwasans endis pri pou konsomatè yo (CIP) te ralanti yon ti kras pandan mwa d avril la, nan moman pri gaz la atenn yon nivo rekò, sa ki fè konprann enflasyon an monte, menm si li posib pou l rete wo pandan yon tan epi oblije Reserve Federal la (Bank Santral la) kontinye jere sitiyasyon an pou l kenbe demand yo sou kontwòl.

CIP te sibi yon ogmantasyon 0,3%, swa ogmantasyon ki pi ba a depi mwa dout pase a, dapre sa Depatman Travay la di mèkredi. Se le kontrè sa k te rive nan mwa mas la kote endis la te monte rive 1,2%, sa ki reprezante pi gwo pwogrè a depi septanm 2005.

Sepandan, bès Endis Pri pou Konsomatè yo sanble li tanporè. Pri gazolin nan ap ogmante ankò; nan kòmansman semèn nan, pri galon an te anviwon $4,16 apre li te desann anba $4.00 nan mwa davril la, dapre Administrasyon Enfòmasyon sou Enèji a.

Lagè Larisi lanse nan Ikrèn nan (yon lagè non-pwovoke) se pi gwo koz monte pri gaz la. Se konsa tou lagè a pwovoke yon ogmantasyon nan pri tout pwodui atravè lemond.

Nan jounen madi 10 me a, Prezidan Joe Biden rekonèt gwo difikilte fanmi amerikèn yo ap konfwonte akoz enflasyon an ki wo; li di “pi gwo priyorite a nan pwogram politik nasyonal mwen, se travay pou nou bese pri yo.”

XS
SM
MD
LG