Accessibility links

Breaking News
Azi

Peken: Otorite yo Fèmen Estasyon Tren yo pou Ralanti Pwopagasyon KOVID-19


Commuters wearing face masks ride a subway train in Beijing, April 12, 2022. The U.S. has ordered all nonemergency consular staff to leave Shanghai, which is under a tight lockdown to contain a COVID-19 surge.
Commuters wearing face masks ride a subway train in Beijing, April 12, 2022. The U.S. has ordered all nonemergency consular staff to leave Shanghai, which is under a tight lockdown to contain a COVID-19 surge.

Nan Peken, kapital Lachin, otorite yo fèmen anviwon 12 estasyon tren nan kad efò y ap fè pou yo anpeche maladi KOVID-19 la gayenan vil la. Yo anonse mèkredi y ap fèmen plis pase 40 estasyon tren, sa ki reprezante 10% sistèm metwo a, epi otobis ki kouvri 100 sikui pral sispann travay.

Peken twouve l sou le kiviv depi mitan mwa avril la apre 10 elèv lekòl primè te teste pozitif pou KOVID-19, sa ki te pwovoke yon panik jeneral kote moun te kouri al achte pwovizyon makèt ak lòt pwodui, paske yo te prevwa otorite yo te ka fèmen vil la menm jan yo fè sa nan gwo sant finansye Channgay la.

Otorite yo deja kòmanse yon gwo kanpay tès pou plis pase 21 milyon elèv ak etidyan, pandan yo fèmen lekòl ak biznis -pami yo gen jimnasyòm yo ak teyat yo.

Yo fèmen tou tout konplèks rezidansyèl ki ka pèmèt viris la miltipliye, sa ki lakoz lari yo rete preske vid. Nan kèk vwazinaj, responsab yo te deja bay rezidan yo konsèy pou yo rete lakay yo.

XS
SM
MD
LG