Blakawout la kite tou 170,000 konsomatè san dlo, fòse otorite yo fèmen kèk nan prensipal wout yo e voye trafik la lòt kote sou zile a ki gen 3 milyon 200,000 moun, kote bri jeneratè ak sant dizèl gaye nan lè a.
Moun ki paka achte jeneratè e ki gen kondisyon medikal tankou dyabèt, ki depann de ensilin ki dwe konsève nan refrijeratè, yo gen kè-sote e y ap mande konbe tan yo ka fè ankò san kouran. Pwopriyetè biznis ki fèmen pòt yo ap mande ki lè y ap ka relouvri.
Konpayi elektrik la ap goumen depi kèk dizèn lane ak kòripsyon, move jesyon ak yon mank antretyen. Li retabli kouran ayè jedi a, pou apeprè 500,000 konsomatè sou 1 milyon 500,000.