Accessibility links

Breaking News

Dat pou Etidyan Rekoumanse Peye Dèt Yo Ap Prolonje Jiska 31 Out


Campaign 2016 Why It Matters Student Debt
Campaign 2016 Why It Matters Student Debt

Administrasyon Biden nan pare pou-l prolonje jiska 31 Out dat pou etidyan rekoumanse peye dèt yo te fè pou ale lekol.

Pèman sa yo te gen pou yo rekomanse nan dat premye me apre sa ki rele moratwa a te antre ann aplikasyon nan komansman pandemi an lè ekonomi peyi a te fè yon gwo bak kote anpil ameriken te pèdi travay yo.

Kounye a, gen kèk palmantè ki di pwolongasyon sa a te nesesè akoz enflasyon an ki wo anpil.

Sa fè 5 kyèm prolongasyon, e nouvèl yo rapòte li afekte apeprè 43 milyon ameriken ki gen dèt lekòl ki plis pase 1 trilyon 600 milyon dola. Gen apeprè 7 milyon moun ki an reta sou pèman yo, Sa vle di yo pa peye okennnn lajan sou dèt la depi omwen 270 jou.

Yo espere enterè sou dèt sa yo tap rete zero toutotan moratwa a te rete ann aplikasyon.

Gen kèk palmantè demokrat ki vle pou Biden anile plis pase 50 mil dola dèt pou moun ki dwe yo, men li pako klè konbyen apwi yon mouvman konsa ta genyen nan kongrè a.

XS
SM
MD
LG