Accessibility links

Breaking News
Azi

Etazini Akize 5 Ofisyèl Chinwa Dèske y ap Kraponnen Disidan Chinwa k Ap viv Ozetazini


Avoka gouvenman Ameriken Breon Peace, a goch, ak Alan Kohler Jr., asistan direkte Divizyon Kont-entelijans FBI la nan Washington, 16 March 16, 2022.
Avoka gouvenman Ameriken Breon Peace, a goch, ak Alan Kohler Jr., asistan direkte Divizyon Kont-entelijans FBI la nan Washington, 16 March 16, 2022.

Otorite ameriken yo anonse mèkredi yo akize 5 moun ki swadizan ap travay pou sèvis sekrè chinwa a dèske y ap espyone e entimide sitwayen chinwa k ap viv Ozetazini e k ap kritike Peken. Se Mèt Breon Peace, yon komisè gouvènman nan Distri Ès New York la, ki anonse akizasyon yo. 5 akize yo ta swadizan endimide, annuye viktim yo nan telefòn epi espyone yo.

Yon nonm ki rele Qiming Lin e ki gen non l site nan dokiman legal yo kòm yon manm Ministè Sekirite Leta Chinwa a e ki baze aktyèlman nan Lachin, te swadizan eseye entefere nan kandidati yon nan viktim yo, yon veteran lagè ki te poze kandidati li pou yon plas nan Kongrè ameriken an. Kandida a te enplike nan manifestasyon pwo-demokrasi ki te dewoule sou Plas Tiananmen nan an 1989 e ke gouvènman chinwa a te kraze avèk gwo vyolans.

Lapolis arete 3 nan 5 akize yo ki te sipoze konparèt nan tribinal semèn sa a. 2 lòt yo nan kouri. Akizasyon sa yo antre nan kad denyè efò Depatman Jistis ap fè pou l ekspoze plan Lachin genyen pou l nui disidan ki Ozetazini yo. Daprè nouvèl yo, an 2015 administrasyon Obama a te bay Peken avètisman plizyè fwa pou mande l fè ajan chinwa yo sispann kalte aktivite sa yo.

Kèk nan enfòmasyon ki nan aktik sa a sòti nan Reuters

XS
SM
MD
LG