Accessibility links

Breaking News

Nouvo Mezi Kont KOVID-19 nan Lachin Menase Ekonomi an


Moun fe lake pou tes COVID-19 nan vil Peken an Chinn, 14 Mas, 2022.
Moun fe lake pou tes COVID-19 nan vil Peken an Chinn, 14 Mas, 2022.

Yon eklatman KOVID-19 k ap ranfòse nan Lachin vin ogmante kantite enfeksyon gouvènman an te rapòte nan Peken pou yo rive nan yon nivo moun pa t wè depi 2 zan, sa ki oblije otorite yo fèmen aktivite yo nan kèk nan rejyon ekonomik ki pi enpòtan yo, tandiske sa bay gwo kèsote pou sa pa gen vove konsekans sou ekonomi mondyal la akoz enflasyon an ki ka monte, mete sou efè lagè Ikrèn nan.

Gouvènman chinwa a te anonse dimanch ke vil Shengzhen, ki nan pwovens Guangdong nan pati sid peyi a, pral fèmen pandan yon semèn omwens. Yon entèdiksson vwayaj antre an vigè nan pwovens Jilin, nan pati nòdès Lachin, e menm desizyon an valab pou vil Changchun ki popilè pou gwo kantite konpayi manifakti ki enstale ladan l.

Madi 15 mas la, otorite yo nan vil Langfang, ki tou prè Peken, te anonse kèk nouvo fèmti; otorite yo pran menm desizyon an nan Dongguan, yon lòt vil ki nan pwovens Guangdong.

XS
SM
MD
LG