Accessibility links

Breaking News

McDonald's ak Pepsi Pran Anpil Presyon Paske Biznis yo Kontinye Opere Larisi


Seorang pegawai restoran cepat saji McDonald's menggoreng kentang di salah satu gerai restoran tersebut di Moskow, pada 24 April 2018. (Foto: Reuters/Tatyana Makeyeva)
Seorang pegawai restoran cepat saji McDonald's menggoreng kentang di salah satu gerai restoran tersebut di Moskow, pada 24 April 2018. (Foto: Reuters/Tatyana Makeyeva)

Anpil biznis Ameriken tankou Apple ak Levi jeans deside sispann aktivite yo nan Larisi. Men, kèk konpayi toujou chwazi kontinye opere nan Moskou malgre risk ki genyen pou repitasyon yo.

Sou rezo sosyal pawol tankou #BoycottMcDonalds oswa #BoycottPepsi, ap fè aktyalite.

Chèf fon pansyon Eta Nouyòk la voye lèt bay patwon miltinasyonal sa yo ansanm ak konpayi ki fè biskwit Mondelez.

Yon ekip ki soti nan Inivèsite Yale kenbe yon lis konpayi ki toujou gen yon prezans enpòtan nan Larisi.

Anpil konpayi Ameriken toujou nan Larisi rete an silans, tankou McDonald's, Bunge, Mondelez, Estée Lauder, Kimberly-Clark oswa Coty, yo pa reponn a yon demann AFP fe pou komante.

Rezon lejitim

Starbucks gen apeprè 130 kafe nan Larisi, e yo te pwomèt pou yo bay tou kontribisyon biznis yo bay sèvis imanitè yo pou ede Ikrèn.

Yum! Brands fè remake tou apeprè 1,000 restoran KFC li yo ak 50 lokal Pizza Hut yo prèske tout posede ak opere poukont yo anba lisans franchiz. Lendi swa, gwoup la te endike tou ke li te sispann envèstisman li yo nan peyi a pandan y ap "evalye tout opsyon adisyonèl", e li te pwomèt pou bay tout pwofi ki soti nan Larisi nan operasyon imanitè.

XS
SM
MD
LG