Accessibility links

Breaking News

Kantite Ameriken ki Aplike pou Benefis Chomaj Diminye


USA-ECONOMY/EMPLOYMENT
USA-ECONOMY/EMPLOYMENT

Kantite ameriken ki aplike pou benefis chomaj diminye semèn pase a, sa ki reflete reyalite a kote gen mwens konpayi ki voye moun chita lakay yo atravè tout sektè nan ekonomi an.

Aplikasyon benefis chomaj yo gen yon rediksyon 18 mil pou yo rete nan 215 mil pou semèn ki fini 26 fevriye pase soti nan 233 mil li te ye semèn anvan an dapre sa depatman travay rapote jedi 3 mas la.

Aplikasyon pou benefis chomaj pandan 4 semèn an mwayènn, pou konpanse pou enstabilite ant semen yo, sibi yon rediksyon 6 mil pou-l rete nan 230 mil 500.

An total 1 milyon 476 mil ameriken tap kolekte asistans chomaj nan semèn ki fini 12 fevriye a

Yon ti ogmantasyon 2000 konpare a chif yo te revize semèn anvan an ki se pi ba li te janm rive depi 14 mas 1970

Kantite moun ki aplike premye fwa pou benefis chomaj jeneralman ale selon kantite moun travay yo voye chita lakay yo, e chif sa yo sanse reflete menm sante mache travay la te gen anvan pandemi an.

Nan mwa janvye pase ekonomi Etazuni an te ajoute yon gwo kantite 467 mil djob e si w ajoute chif revize pou mwa novanm ak Desanm, 3 mwa sa yo konbine pou fè 709 mil djòb. Nivo chomaj la rete nan 4 % yon chif ke peyi a pa wè fasil nan istwa li.

Ekonomi Etazuni an rebondi ak fòs apre resesyon 2020 an nan pandemi koronvirus la. Depans massif gouvenman an ak kanpay vaksinasyon an te relanse ekonomi an pandan biznis yo te ajoute yon rekò 6 milyon 400 mil djob ane pase. Ekonomi Etazuni an te pran yon

Kwasans 5 vigul 7% nan ane 2021 an, e se premye fwa li te grandi vit konsa pou yon ane depi apre yon kwasans 7 vigul 2 % nan ane 1984 apre yon resesyon tou.

XS
SM
MD
LG