Accessibility links

Breaking News

Konfwontasyon ant Lapolis ak Migran nan Vil Tapachula


USA-IMMIGRATION/MEXICO
USA-IMMIGRATION/MEXICO

Konfwontasyon ant imigran ak otorite Meksiken yo nan vil Tapachula, nan moman genyen yon mekontman ki monte disèt wotè bò kote migran yo akoz dapre sa yo di, lantè otorite yo pran pou bayo otorizasyon pou rive sou fwontyè Etazini.

Depi prèske yon mwa, anpil nan migran, ki soti an Ayiti ak peyi Afrik, yo, tap manifeste nan Tapachula, toupre fwontyè Meksik genyen ak Gwatemala a, e Madi manifestan yo te vinn vyolan : yo voye wòch, goumen e boukante kout pwen ak manm gad nasyonal la ak lapolis .

Irineo Mujica , se yon militant dwa moun ki presize leta pèdi kontwòl sitiyasyon an. Militan sa-a ki soutni mobilizasyon yo, di, moun yo gen lontan yap tann pèmisyon pou yo kite vil la .

Enstiti Nasyonal Migrasyon an te pibliye yon deklarasyon kote yo kondane "manifestasyon vyolan sa yo" nan Tapachula. Ajans la te di ke anviwon 100 imigran ki soti peyi Kiba, Ayiti ak Lafrik t ap pwoteste nan efò pou jwenn randevou pi bonè pou pwosesis imigrasyon yo.

Chak ane, plizyè milye imigran, sitou migran ki soti nan peyi Amerik Santral yo, travèse nan peyi Meksik nan efò pou yo antre kay Tonton Sam.

Moun ki rive nan vil ki tou pre fwontyè yo dwe tann yon pèmi pou yo travèse oswa ret tann repons a demann azil yo te fè nan kad pwogram ameriken al rete tann OMeksik la.

XS
SM
MD
LG