Accessibility links

Breaking News

Hong Kong: Tès COVID-19 Obligatwa Pou Tout Rezidan


COVID-19 outbreak in Hong Kong
COVID-19 outbreak in Hong Kong

Hong Kong pral fè tès COVID-19 pou tout popilasyon ni an ki se 7 milyon 500 mil moun nan mwa mas la daprè sa lidè vil la fè konnen madi 22 fevriye a nan moman l-ap fè fas ak pi move epidemi ke varyan Omicron an pote pou li.

Popilasyon an pral teste 3 fwa nan mwa Mas la, daprè chèf egzekitif Hong Kong nan, Carrie Lam.

Li di li pwal ajoute 1 milyon ou plis pa jou sou kapisite pou fè tès yo.

Li kontinye pou di, pwiske nou gen yon popilasyon apeprè 7 milyon moun , sa pwal pran 7 jou ou plis pou teste tout moun.

Hong Kong rapòte apeprè 5 mil nouvo ka enfeksyon an chak jou depi 15 fevriye pase kote kantite ka yo menase pou depase kapasite systèm swen sante a Depi vag sa-a te tanmen nan komansman ane a, Hong Kong anrejistre preske 54 mil ka e 145 moun pedi lavi yo.

Lòd pou tout moun nan Hong Kong teste a vini apre ke otorite chinwa yo te voye epidemiolojis, travayè lasante ak lot resous medical semèn pase-a pou ede kontwole epidemi an nan vil chinwa a ki gen dwa pran anpil desizyon pou tèt li.

XS
SM
MD
LG