Accessibility links

Breaking News

Travayè Ayisyen Manifeste pou Mande Ogmantasyon Salè


HAITI-PROTESTS/
HAITI-PROTESTS/

Pandan plizyè dizèn ane, Ayiti te fè pwomosyon tèt li kòm yon kote ki fabrike rad ak salè trè ba kompare avek mache ameriken an.

Travayè yo ap mande yon ogmantasyon, lidè sendika Dominique St Eloi nan yon entèvyou telefòn di nou li mande otorite yo pou Ogmante salè a 1,500 goud (USD 15), ajoute 1000 goud (10 USD) sou salè aktyèl la ki se 500 goud (USD 5).

St Eloi deklare "Avèk 500 goud pa jou, san okenn sibvansyon gouvènman an, nou pa ka satisfè bezwen nou yo pandan pri tou machandiz debaz yo monte, pri transpò a ogmante".

St Eloi te di ajans Reuters ke "si responsab faktori yo pa reponn , nou ap mande gouvènman an li menm pou li ogmante salè minimòm lan."

Manifestan yo te rasanble alantou pak endistriyèl Sonapi a, epi pita yo te rasanble sou yon wout, lapolis te gaye foul la ak gaz lakrimojèn.

Yon pòtpawòl nan biwo Premye Minis Ariel Henry te di ke l ap travay sou pwoblèm salè a, e ke li te rankontre Madi ak lidè endistri yo pou diskite sou sa.

Yon gwoup manm Kongrè Ameriken an nan mwa novanm te di ke yo ap mande responsab 62 konpayi Ameriken ki enpòte rad ki sot nan peyi d'Ayiti enfòmasyon sou "si gen pwoteksyon an plas pou travayè konpayi yo ak founisè yo".

XS
SM
MD
LG