Accessibility links

Breaking News

Kisa ki Koze Yon 'Shutdown' Gouvenman Federal Ameriken an?


Foto Achiv: Capitol la, syej palman Etazini an nan Washington.
Foto Achiv: Capitol la, syej palman Etazini an nan Washington.

Gouvenman Ameriken an oblije sispann operasyon le Kongre a pa apvouve pwoje lwa pou finanse operasyon leta pou pwochen ane fiskal la, oubyen yon mezi finansman pwovizwa.

Yon nouvo entpretasyon Pwoje lwa Antidefizyans ane 1884 la te deside ke le gen yon enpas politik vizavi pwoje lwa finansman ki pwopoze a, gouvenman federal etazini oblije ranlanti seveman aktivite ak sevis li yo, femen operasyon ki pa esansyel, epi voye tout anplwaye ki pa esansyel yo lakay yo jiskaske genyen yon rezolisyon.

Se selman anplwaye ki esansyel yo ki kontinye travay san yo pa peye pou prezeve sekirite peyi a ak sitwayen Etazini yo.

Le gouvenman an femen, sa Ameriken yo rele shutdown, kapab gen konsekans sou gouvenman eta yo, teritwa Ameriken yo ak ajans gouvenman lokal yo.

Youn nan femti pi seve yo te pase sa pa gen lontan anba gouvenmen Donald Trump la nan fen 2018 ak komansman 2019. Gouvenman an te femen pandan 35 jou akoz yon hing hang ant Repibliken ak Demokrat sou kestyon finansman pou ekspansyon barye ki sou frontye Etazini ak Meksik la.

Anba Prezidan Clinton an 1995, gouvenman an te femen pandan 21 jou.

Pami sevis leta ke femti gouvenman an afekte genyen tou pak nasyonal yo ak enstitisyon gouvenman an. Met sou sa, leta pedi lajan le anplwaye li yo pa touche e oblije rete lakay yo.

La Chanm de reprezantan ak Sena a gen pou apwouve pwoje lwa finansman an pou evite gouvenman an shut down - femen pot li.

XS
SM
MD
LG