Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kominote Entènasyonal la Pwomèt $600 Milyon pou Rekonstriksyon Sid Peyi a


The remains of the St. Famille du Toirac church is seen after a 7.2 magnitude quake hit during a funeral service, in Toirac, Haiti August 16, 2021. REUTERS/Laura Gottesdiener
The remains of the St. Famille du Toirac church is seen after a 7.2 magnitude quake hit during a funeral service, in Toirac, Haiti August 16, 2021. REUTERS/Laura Gottesdiener

Nan yon rankont ki te fèt Mèkredi nan Pòtoprens Kominote entènasyonal la te pwomèt pou l bay $600 milyon pou finanse rekonstriksyon sid peyi d' Ayiti, ki te devaste 6 mwa apre yon tranblemann tè, kote plis pase 2200 moun te pèdi lavi yo.

Apre reyinyon an Premye Minis Ariel Henry te di ke "Kontribisyon sa yo ale pi lwen pase atant nou yo".

Pwomès sa yo koresponn ak sèlman 30% nan plan Ayiti genyen pou rekonstriksyon rejyon sid peyi a ki devaste pa tranbleman tè nan mwa Out 2021 an.

Dapre gouvenman an, Ayiti ap bezwen prèske yon milya dola pou rekonstriksyon lojman, plis pase 130,000 kay te detwi nan tranblemanntè a.

3 sou 4 lekòl nan rejyon sid la detwi oswa yo te sibi gwo domaj pandan katastwòf la. Sektè edikasyon an ap bezwen plis pase $400 milyon, dapre responsab yo.

Nasyon Zini salye apwòch èd imanitè peyi etranje yo ap bay Leta ayisyen, nan plan yo genyen pou rekonstriksyon gran sid peyi a.

Fon envestisman an, Nasyonzini genyen , pral asire ke lajan donatè yo itilize avek transparans, e kreye yon enpak nan lavi ayisyen yo.

XS
SM
MD
LG