Accessibility links

Breaking News

Prizon pou Yon Pwofesè nan Mawòk ki Vann "Bon Nòt pou Seks"


 Des enfants dans la cour d'une école du camp de réfugiés de Smara, dans la province algérienne de Tindouf, le 25 février 2016.
Des enfants dans la cour d'une école du camp de réfugiés de Smara, dans la province algérienne de Tindouf, le 25 février 2016.

Lajistis nan peyi Mawòk kondane yon pwofesè ak santans yon lane antye nan prizon pou "nwizans seksyèl" sou yon etidyant li nan yon epòk kote gen yon pakèt eskandal kote pwofesè ap fè chantaj sou etidyan nan inivèsite yo, se sa pati akizasyon an di nan pwosè a.

"Tribinal Première Instance nan vil Tanger rekonèt akize a koupab pou nwizans seksyèl e ba li santans yon lane antye nan prizon," se sa avoka akizasyon AÏcha Guellaa di Ajans France Presse (AFP).

Li ajoute: "Nou pa satisfè ak vèdik la paske sa yo se bagay grav anpil ki pwal make viktim nan pou tout vi li." Guella di AFP yo pwal pote ka a nan kou dapèl.

Pwofesè a ki gen 46 lane, ki fè kou espayòl nan Lekòl Siperyè Tradiksyon nan Tanger nan nò Mawòk, te jwenn arestasyon l nan koumansman mwa Janvye nan moman te gen denonsyasyon agoch adwat pou chantaj ak nwizans seksyèl nan inivèsite yo.

Te gen eskandal ki t ap repete, ki soulve anpil endiyasyon nan rezo sosyal yo e ki te pouse anpil moun al fè plent nan tribinal.

Yon pwofesè nan Inivèsite Settat, toupre gran vil Casablanca, te jwenn kondanasyon 12 Janvye pase ak yon santans 2 lane prizon antye poutèt li te fè chantaj seksyèl sou kèk jèn dam ki te nan klas li.

Vèdik ki fèk soti a se dènye ki parèt nan kad eskandal ki rele "sèks pou bon nòt," ki enplike 4 lòt pwofesè ki nan jijman toujou. Pwosè sa yo se bagay ki pa te konn fèt anvan nan wayòm nan: ka nwizans seksyèl nan ansèyman siperyè te konn nan medya nan kèk ane ki pase yo men anpil fwa, pa te gen plent nan tribinal. Gen nan plent yo ki pa te janm rive nan jijman.

An 2018, apre kèk lane deba chofe, yon lwa te antre an vigè. Pou premye fwa, li prevwa "pèn prizon pou zak ke lalwa konsidere kòm nwizans, agresyon, eksplwatasyon seksyèl oubyen move tretman."

Mouvman ki ap defann dwa fanm yo konsidere santans sa yo kòmkwa sa pa ase. Yo bezwen lwa ki pi sevè pou ka sa yo.

XS
SM
MD
LG