Accessibility links

Breaking News

Washington Anonse ke lap Voye Vaksen nan Plizyè Peyi Afriken


FILE PHOTO: Moderna's COVID-19 vaccine at the McKesson distribution center in Olive Branch, Mississippi
FILE PHOTO: Moderna's COVID-19 vaccine at the McKesson distribution center in Olive Branch, Mississippi

Yon ofisyèl nan Mezon Blanch di ke Etazini pral voye yon total 1.9 milyon dòz vaksen COVID-19 nan Zanbi, Kongo-Brazavil, Namibi, Mozanbik ak Eswatini.

Zanbi pral resevwa 672,000 dòz vaksen Johnson & Johnson; Kongo 168,000 dòz , Namibi 168,000 dòz tou ak Mozanbik 840,000 dòz, dapre sous sa a.

Eswatini pral resevwa 50,310 dòz Pfizer.

Don sa yo fèt atravè mekanis distribisyon entènasyonal Covax pou vaksen Pfizer an.

Prezidan Joe Biden ensiste ke li vle fè Etazini an "asenal" nan zafè vaksen pou mond lan. Li te pwomèt pou bay plis pase 1.1 milya dòz Vaksen.

XS
SM
MD
LG