Accessibility links

Breaking News

Chèchè COVID-19 yo Wè Espwa ak Medikaman ki Egziste yo


linh dan
linh dan

Yon kolaborasyon entènasyonal ki gen nan tèt li ekspè nan Kanada ak Brezil ap bay nouvo finansman e ap teste metod pou detèmine si wi ou non medikaman ki egziste yo ka bay meyè tretman ki koute mwens lajan pou COVID-19 e premye rezilta-yo ba yo ankourajman.

Nan kolaborasyon sa a ki rele “Together Trial” “Esè ansanm” ekspè yo pou pifò nan peyi Brezil ak Kanada pale de metod yo a kòm yon esè klinik sou yon platfom ki ka adapte-l, ki pemèt yo teste divès tretman posib an menm tan, diminye depans ak kantite moun ki bezwen teste.

Ekspè yo akselere tou rechèch pou jwenn bon jan tretman kont COVID-19 ki konte sou finansman ak sipò fondasyon prive, universite ak sektè prive a, olye yo chache finansman gouvenman an, bagay ki pran anpil tan.

Yon esè konsa yo te fè nan Brezil e ki te komanse nan mwa Jen 2020, te jwenn ke Fluvoxamine yon antidepresè, te ede elimine 32 pousan nan kantite moun ki etène lopital ak kantite moun ki mouri akoz COVID-19.

Ed Mills yon epidemiyologis klinik, kidonk yon teknisyen klinik nan epidemi, ki ap anseye nan universite McMaster nan Ontario, Kanada, ap ede kowodone pwoje sa a etan nan biwo li nan Vancouver o Kanada. Li esplike modèl platfom adaptab sa a kote yo ka teste plis ke yon medikaman alafwa.

XS
SM
MD
LG