Accessibility links

Breaking News

Chèf CNN Demisyonen Akoz li Renmen ak yon Kòlèg li


FILE - CNN President Jeff Zucker, pictured in New York, Dec. 11, 2016, says his company's brand "has been as strong as it has ever been" in the early days of the Trump administration.
FILE - CNN President Jeff Zucker, pictured in New York, Dec. 11, 2016, says his company's brand "has been as strong as it has ever been" in the early days of the Trump administration.

Prezidan CNN Jeff Zucker anonse demisyon li Mèkredi paske li pa t divilge yon relasyon amoure ak yon kòlèg li nan rezo televizyon Ameriken an.

Zucker te di nan yon mesaj li voye bay anplwaye rezo televizyon an ke "Mwen sètènman swete ke tan mwen pase isit la tap fini yon lòt fason. Mwen te pase yon bon moman, e mwen te renmen chak minit."

Desizyon sa a klotire yon karye 9 an misye te genyen kòm direkte youn nan pi gwo rezo medya Ameriken.

Zucker di li te admèt ke li te genyen relasyon sa a pandan li tap reponn kestyon nan kad yon ankèt CNN ap mennen sou jounalis Chris Cuomo.

Cuomo jwenn revokasyon ni apre CNN te dekouvri li te ede frè li, ki te gouvènè Nouyòk a l'epòk, an palan de Andrew Cuomo, navige akizasyon kèk medam te lanse pou di li te fè yo avans. Li poko klè kiyès ki pral dirije CNN, ann atandan yon jwen yon ranplasan pèmanan pou Zucker.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan AFP ak AP.

XS
SM
MD
LG