Accessibility links

Breaking News

Manm Akò Montana Chwazi Fritz Alphonse Jean, Steven Benoit Kòm Lidè Tranzisyon Ripti Ayiti


Fritz Alphonse Jean ranpòte eleksyon prezidansyèl Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (CNT)
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:58 0:00

Fritz Alphonse Jean ranpòte eleksyon prezidansyèl Konsèy Nasyonal Tranzisyon an (CNT)

PORT AU PRINCE - Delege ki reprezante 17 sektè politik chwazi ekonomis Fritz Alphonse Jean kòm prezidan d'Ayiti epi ansyen senatè Steeven Yvenson Benoit kòm premye minis ki pou dirije peyi a pandan peryòd tranzisyon ripti a. Vòt sa a fèt nan kad Akò Montana a.

Se 25 delege ki reprezante diferan sektè ki fè chwa sa a Dimanch 30 Janvye a.

"Chapo ba devan tout fanm ak gason nan peyi a ki bay tan yo ak enèji pou akouche pwosesis eleksyon akò Montana a" prezidan pwovizwa eli Fritz Jean deklare pandan yon konferans pou laprès apre vòt la.

Li remèsye tou tout reprezantan divès sektè ki te patisipe nan pwosesis la ak kominote entenasyonal la pou sipò yo.

"Vòt jodia pou nou se senbòl l'onè, respè, diyite, entegrite, pou tranzisyon koupe fache a," misye deklare. "An nou tout fè youn, viv Ayiti."

Anpil obsevatè deja kòmanse poze kesyon a savwa ki jou, ki kote ak kilè yo pral enstale 2 politisyen sa yo kòm prezidan ak premye minis.

Lè yon jounalis mande li pa ki mwayen yo pral fè enstalasyon 2 dirijan sa yo, Misye Jean pa reponn kestyon an. Li di pito: "pwosesis Montana a sak fe'l pran tan se paske se yon pwosesis an konsètasyon avek yon bann moun epi yon bann pati politik e dayè nou wè ka apre nou jwenn premye konsansis la avek yon seri de moun nan sosyete sivil la ak pati politik ou we Montana mache l al pale avek premye minis la n'al pale ak tyè Sena a. Se menm jan pwosesis la kap kontinye pou'n al pale avèk lot moun andedan peyi a."

Fanmi Lavalas, youn nan siyatè ako Montana a te wetire 24 he anvan vot la, 2 reprezantan ni nan konsèy nasyonal tranzisyon an. Rezon yo bay se paske yo pat dako pou lidè pati politik patisipe nan eleksyon sa yo.

Senatè Patrice Dumont te pale ak VOA Kreyol apre vòt la.

"Mezanmi, depi ou gen bon volonte, depi ou pa vle kenbe tout pou ou epi pep la limenm met mouri grangou, depi ou vle travay pou pep lan, gen plas pou wou, absoliman," Dumont deklare. "Nou nan yon sityasyon kote sa Montana di an, se sa li fè."

Pandansetan, Premye Minis Ariel Henry anonse miz-an-plas yon nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa Lendi 31 Janvye, ki va oganize eleksyon prezidansyèl ak lejislativ ak kolektivite teritoryal yo. Premye Minis Henry di si yon moun pa patisipe nan eleksyon, li pap ka antre nan palè nasyonal la, ni palman an ni meri yo.

"Nan ki eleksyon Ariel Henry janm ale limenm? Dezyèman, kiyès ki mete Ariel Henry premye minis?" Senatè Dumont mande. " Moun ki mete Ariel Henry premye minis lan, ou sonje te gen yon diskisyon ant 2021 e 2022, pi fò moun te di se 2021 (fen manda Jovenel Moise). Men Jovenel Moise t'al nan eleksyon."

Senatè a souliyen ke divès sektè pa dakò ak dat manda Prezidan Moise la te fèt pou'l bout.

"Nou antre nan yon konfli d'ide oubyen de pèsepsyon oubyen de konsepsyon de atik konstitusyon avek dekre elektoral la, li rete juska 2022 men malerezman li mouri e il se twouv ke de tout le mayer menm si sete mande regulye Jovenel Moise la ki te rive 7 Feviye 2022 - Ariel Henry, moun ki nomen'l premye minis la epi li pat menm gen tan enstale'l lan, moun sa a pa gen okenn dwa ankò antanke prezidan...7 Fevriye Ariel Henry pap premye minis d'Ayiti ankò."

Administrasyon Biden nan bò kote pa li di VOA Kreyòl ke manda PM Henry pa lye ak dat 7 Fevriye a.

"Manda premye minis [Ariel Henry] pa lye ak manda prezidan an (7 Fevriye). Sa pèp Ayisyen an vle e espere se pou kontinye fè pwogrè pou ka gen eleksyon ak yon prezidan eli demokratikman. Se sou sa gouvènman an ap travay kounyea. Mwen pa kwè pèp Ayisyen an konsantre'l sou dat 7 Fevriye a," Sekretè d'Eta Adjwen pou Zafè Emisfè Oksidantal yo, Brian Nichols deklare le nou mande'l ki kè sote Etazini ta genyen pou sa ki ka pase ann Ayiti dat 7 Fevriye kap vini an.

Nichols di nou administrasyon Biden nan pran angajman pou apiye jefò Ayisyen ap fè pou jwenn yon solisyon pou kriz politik la ak lòt pwoblem kap trakase peyi a.

XS
SM
MD
LG