Accessibility links

Breaking News

Rodolphe Jaar Konparèt Ankò Devan yon Tribinal nan Miami


Rodolphe Jaar, yon biznisman Ayisyen la jistis ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise
Rodolphe Jaar, yon biznisman Ayisyen la jistis ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise

Biznisman Ayisyen Rodolphe Jaar konparet devan yon tribinal nan Miami ankò jodi Mekredi 26 Janvye a.

Yon jij federal nan Miami koute petisyon Jaar, yon sispèk kle an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la pou ranvwaye pou 30 jou odisyon an.

Biznisman Ayisyen Rodolphe Jaar, 49 an, gen doub nasyonalite Ayiti ak Chili. L ap fè fas ak 2 akizasyon. Yo se: asosyasyon ilisit pou komèt yon asasina oubyen touye yon moun andeyo peyi Etazini epi sipo materyèl ki te rezilte nan lanmo - ak konesans ke asistans sa a fe pati yon konplo pou asasinen oubyen kidnape yon moun.

Pandan yon odyans tou kout Mekredi kote akize a te prezan nan tribinal la, Jaar te reponn kestyon jij Lisette Reid ann Angle. Lè jij la mande si li te pale ak avoka li pa rapo ak demann pou ranvwaye odyans la pou 30 jou, li te reponn wi. Jij la mande tou si lè li poze'l kestyon li konprann kisa lap vi. Misye te reponn wi.

Entewogatwa tou brèf ki te gen ladann kestyon sou laj li, non'l ak edikasyon ni, li. Avoka gouvenman an pat opoze demann pou ranvwaye odyans la.

Desizyon jij Reid la vle di ke Jaar pral gen plis tan kounyea pou'l prezante yon deklarasyon pa rapo ak kilpabilite li oubyen inosans li fas ak akizasyon yo. Sa pral bay avoka gouvènman Ameriken an tan tou pou prezante prèv ki apiye akizasyon sa yo. Li posib pou yo antann yo rapidman sou akizasyon yo, ki se yon bagay ki konn fèt lè akize yo vle redui akizasyon yo oubyen kowopere ak envestigasyon an.

Otorite nan Repiblik Dominikèn te arete Jaar, sou demann Etazini e li te aksepte pou yo tranfere'l nan Miami, avoka gouvenman an, Walter Norkin te deklare pandan premye odisyon misye. Li te rive Miami 19 Janvye kote yo te mete'l nan prizon ann atandan odyans li devan yon jij epi pwosè li.

Si yon jiri jwenn ni koupab, Jaar taka gen pou'l pase rès vi li nan prizon.

Apa Jaar, genyen akize Mario Antonio Palacios Palacios ki nan men la jistis Amerikèn tou. Se otorite Panama ki te arete misye pandan avyon li te fè eskal nan peyi sa a sou wout pou'l tounen nan peyi li, Kolonbi, apre Jamayik te depote'l.

Ni Palacios, ni Jaar ap fe fas ak menm akizasyon yo.

Pwochen odyans devan tribinal Miami pou Jaar pwograme pou 25 Fevriye a 10h.

Jaar rive jodia nan tribinal la ak menot nan men l epi yon chenn mare alantou senti li. Li te gen inifom prizonye bej sou li.

Yon pati nan enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press. Jounalis VOA Espayol Celia Mendoza kontribye a repotaj sa a.

XS
SM
MD
LG