Accessibility links

Breaking News

Kèk Migran Retounen nan Meksik apre Pwogram MPP a Rekòmanse


Kèk migran te kenbe men pou yo te ka kontwole lòt migran ki te vle monte ak tout fòs nan yon otobis, nan Tapachula, o Meksik. (Foto REUTERS/Jose Luis Gonzalez, 6 desanm 2021).
Kèk migran te kenbe men pou yo te ka kontwole lòt migran ki te vle monte ak tout fòs nan yon otobis, nan Tapachula, o Meksik. (Foto REUTERS/Jose Luis Gonzalez, 6 desanm 2021).

Espwa imigran yo te genyen pou yo rive Ozetazini tonbe nan dlo apre Etazini rekòmanse pwogram MPP a.

Prezidan ameriken Joe Biden te eseye mete fen nan pwogram Pwotokòl Pwoteksyon Migran yo (MPP); men yon tribinal federal pase lòd pou pwogram nan rekòmanse, sa vle di migran k ap chache azil Ozetazini yo pral rete tann nan peyi Meksik annatandan yon jij fin evalye dosye yo.

Depi pwogram nan te kòmanse an 2019, anpil migran ke Sèvis Imigrasyon ameriken te refoule o Meksik, te pase plizyè mwa e pafwa menm plizyè ane san yo pa t gen yon kote pou yo rete, san yo pa t gen posiblite pou yo travay oswa ale lekòl.

Defansè imigran yo di pwogram MPP a ekspoze migran yo anba vyolans ak zak kidnaping nan vil ki gen danje yo, panda ke y ap tann yon jij envite yo nan yon entèvyou sou dosye yo.

Kounye a otorite ameriken yo pral chache konnen kisa pou yo fè avèk imigran ke yo arete sou fwontyè Etazini ak Meksik la, eske yo dwe itilize kont yo lwa ki rele "Tit 42" a. Sila ke yo pa ka ekspilse yo pral retounen nan Meksik kote yo va rete tann yon tribinal ba yo yon dat pou yon randevou.

XS
SM
MD
LG