Accessibility links

Breaking News

Ayisyen nan New York Selebre Anivèsè Konba Vètyè a


Ayisyen ki t ap pran plezi yo nan yon fèt nan Brooklyn, New York, nan dat 6 Septanm 2021.
Ayisyen ki t ap pran plezi yo nan yon fèt nan Brooklyn, New York, nan dat 6 Septanm 2021.

Nan vil New York, manm kominote ayisyèn nan selebre grandyozman fèt 18 novanm nan, jou anivèsè Konba Vètyè a -konba ki te dewoule nan dat 18 novanm 1803 e ki te debouche sou endepandans d Ayiti. Nan okazyon sa a, otorite vil la, ki te gen nan tèt yo ofisyèl ameriken ki gen orijin ayisyèn, inogire yon estasyon tren ki pote non "Little Haiti" oubyen Ti Ayiti. Evennman sa a rive kèk jou sèlman apre menm otorite yo te inogire yon aveni ki rive "Jean-Baptiste Pointe du Sable Avenue" oubyen "Aveni Jean-Baptiste Pointe du Sable", toujou nan vil New York, pou onore memwa ayisyen ki te fonde vil Chikago a.

Klike sou video ki pi ba a pou w suiv jounalis Valerio Saint-Louis nan yon repòtaj sou selebrasyon 218èm anivèsè Konba Vètyè a nan Brooklyn, New York.

Inogirasyon Stasyon Tren 'Little Haiti' nan New York
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:59 0:00

XS
SM
MD
LG