Accessibility links

Breaking News

Gwo otorite fòzame Lèzetazini yo fè depozisyon sou Retrè Afganistan an


(De goch a dwat): Jen. Mark Milley, kòmandan an chèf wo-eta majò entè-Am nan, minis defans la, Lloyd Austin, avèk Jeneral Kenneth Franck McKenzie, chèf kòmandman sid fòs zame yo, nan depozisyon yo devan komisyon afè militè Chanm Depite a (Washington, madi 28 sept. 2021).
(De goch a dwat): Jen. Mark Milley, kòmandan an chèf wo-eta majò entè-Am nan, minis defans la, Lloyd Austin, avèk Jeneral Kenneth Franck McKenzie, chèf kòmandman sid fòs zame yo, nan depozisyon yo devan komisyon afè militè Chanm Depite a (Washington, madi 28 sept. 2021).

2 otorite militè sa yo, ki te akonpaye minis defans la, Lloyd Austin, se kòmandan an chèf wo-eta majò entè-Am nan, Jeneral Mark Milley, avèk Jeneral Kenneth Franck McKenzie, chèf kòmandman sid fòs zame yo.

Nan jounen mèkredi 29 septanm 2021 an, yon jou apre 2 pi gwo otorite militè ameriken yo te fin bay depozisyon yo sou fen lagè Afganistan an, yo retounen nan Kongrè a pou yo bay temwayaj yo sou fen misyon 20 an lame Lèzetazini an fin ranpli laba a. 2 otorite militè sa yo, ki te akonpaye minis defans la, Lloyd Austin, se kòmandan an chèf wo-eta majò entè-Am nan, Jeneral Mark Milley, avèk Jeneral Kenneth Franck McKenzie, chèf kòmandman sid fòs zame yo.

Minis defans Lèzetazini an, Lloyd Austin, kòmandan an chèf Wo-Eta Majò Entè-Am nan, Jeneral Mark Milley, avèk Jeneral Kenneth Franck McKenzie -chèf kòmandman sid fòzame yo- yo tou le 3 te konparèt, madi 29 septanm nan, devan Komisyon Sèvis Militè Lachanm nan.

Nan seyans depozisyon sa a, depite yo te gen 2 reyaksyon: yon kote yo fè konpliman pou desizyon administrasyon Biden nan pran pou l mete fen nan lagè ki pi long nan tout istwa Lèzetazini; epi 2èman: yo kondane kòm yon gwo dezas jan sa pase pandan dènye jou prezans lame amerikèn nan Afganistan.

Minis Austin defann desizyon ki mete fen nan misyon sa a ke Lèzatazini akonpli avèk lòt manm yon kowalisyon entènasyonal, paske, dapre minis defans la, si evakyasyon an pa pafè, li dewoule san yon ti anikwòch, e pa gen okenn lòt lame sou latè ki te ka fè pi byen ke sa.

Jeneral Mark Milley -pi gwo otorite militè ameriken an, bò kote pa l- fè konnen “operasyon-retrè a reprezante yon veritab siksè lojistik”…. sitou lè w konsidere ke nan 2 zou 3 jou sòlda ameriken yo rive evakye yon afe de 124 mil moun -pami yo genyen 6 mil sitwayen ameriken. Kòmandan Milley ajoute: “Rezilta final la se konsekans yon seri de evennman ki dewoule pandan 20 an e non pa 20 jou.”

Kòmandan wo-eta majò a lanse avètisman pou l di gen menas potansyèl ki kapab sòti bò kote gwoup teworis yo --tankou Al-kayda ak Eta Islamik la nan pwovens Khorasan, nan Afganistan. Anfen, Jeneral McKenzie site Akò 2020 pati konsène yo te siyen nan Doha, ki te tabli yon kalandriye pou retrè twoup militè ameriken yo; daprè li, akò sa a te gen yon efè sikolojik pwofon sou manm lame afgann nan e sa byen kapab te jwe yon wòl pwa lou ki peze anpil sou desizyon yo pran pou yo remèt peyi a bay Taliban yo. Jeneral Kenneth Mark McKenzie fini pa di:

“Kap Teliban yo te pran van akoz Ako Doha a avèk sa k ta pral pase apre siyati ako a, sitou akoz desizyon nou te pran pou n pati kite Afganistan nan yon sèten dat. Mwen panse sa te vin febli Afgan yo anpil-anpil, moralman e spirityèlman.”

XS
SM
MD
LG