Accessibility links

Breaking News

Ameriken k ap Tann Èd nan Men Gouvènman Federal la Akoz Dega KOVID-19 Ka Gen pou Yo Ret Tann Lontan Toujou


2 prensipal negosyatè La Mezon Blanch yo, Minis Prezidans la, Mark Meadows (adwat) e Minis Trezò a, Steven Mnuchin, ki te ale nan Kongrè a pou negosyasyon vandredi 7 out 2020 an. (Foto: AP/Andrew Harnik).
2 prensipal negosyatè La Mezon Blanch yo, Minis Prezidans la, Mark Meadows (adwat) e Minis Trezò a, Steven Mnuchin, ki te ale nan Kongrè a pou negosyasyon vandredi 7 out 2020 an. (Foto: AP/Andrew Harnik).

Sitwayen ameriken k ap tann yon benefis ekonomik nan men gouvènman federal la nan Washington DC., byen kapab genyen pou yo rete tann toujou jous sezon otòn nan rive, swa jous fen 3èm semèn mwa septanm nan, pou yo resevwa soulajman sa a.

Negosyasyon ki t ap dewoule ant 2 manm kabinè Trump la -Minis Trezò a, Steven Mnuchin, epi Minis Prezidans la, Mark Meadows yon bò, avèk 2 pi gwo lidè Pati Demokrat la nan Kongrè a, Madam Nancy Pelosi, Prezidant Chanm Depite a, epi Chuck Schumer, lidè minorite a nan Sena a, yon lòt bò-, ebyen! negosyasyon sa yo kanpe e yo kite 2 kan yo nan yon divizyon sou kesyon pou konnen ki valè lajan ki pou antre nan yon nouvo plan asistanspou fanmi meriken ki nan chomaj akoz pandemi kowonaviris la e pou biznis k ap travèse gwo difikilte pou menm rezon an. Administrasyon Trump la ak Demokrat yo gen mezantant tou sou fason pou yo relouvri lekòl yo epi mete yon estrateji nasyonal sou pye pou kontwole maladi KOVID-19 la.

Nancy Pelosi, Prezidant Chanm Depite a (adwat), e Senatè Chuck Schumer, lidè minorite a nan Gran Kò a (nan mitan) 2 prensipal negosyatè Pati Demokrat la apre yo te fin rankontre ak 2 delege La Mezon Blanch yo vandredi 7 out 2020 an.
Nancy Pelosi, Prezidant Chanm Depite a (adwat), e Senatè Chuck Schumer, lidè minorite a nan Gran Kò a (nan mitan) 2 prensipal negosyatè Pati Demokrat la apre yo te fin rankontre ak 2 delege La Mezon Blanch yo vandredi 7 out 2020 an.

Minis Mnuchin -ki se pi gwo negosyatè Prezidan Donald Trump ki an fas Demokrat yo- te eseye relanse chita-tande yo nan jounen mèkredi 12 out la; sepandan Depite Pelosi ak Senatè Schumer pa t sezi ouveti La Mezon Blanch la paske, daprè sa yo di, administrasyon Trump la poko vle rankontre yo nan mitan chemen an, sa vle di li poko vle fè konsesyon yo egzije pou yo rezoud kriz la.

Minis Trezò a reponn avèk yon deklarasyon kote l di:

“Demokrat yo pa enterese ditou nan negosyasyon. Jan Madam Pelosi pale a, sa montre li pa entèprete pozisyon nou an kòmsadwa. Sa montre aklè li pa gen volonte pou l rankontre avèk nou pou n kontinye negosyasyon yo toutotan nou pa aksepte davans sa li pwopoze a; e sa l vle a se yon pwopzisyon ki ka koute 2 mil milya dala.”

Jiskaprezan pi fò dirijan repibliken yo nan Kongrè a poko dispoze mele nan koze a. Men lidè majorite a nan Sena a, Mitch McConnell (R-Kenn), ki t ap abòde dosye a ak laprès nan jounen jedi 13 out la, deklare :

“Pèp ameriken an bezwen èd; e li poko prêt pou l sispann goumen pou l jwenn èd sa a.”

XS
SM
MD
LG