Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Washington sou Demisyon Evo Morales


Prezidan Bolivi a, Evo Morales, ki t ap anonse demisyon li. (Foto: TV via REUTERS).
Prezidan Bolivi a, Evo Morales, ki t ap anonse demisyon li. (Foto: TV via REUTERS).

Se avèk konkantman gouvènman ameriken an akeyi nouvèl ki anonse demisyon prezidan bolivyen an, Evo Morales, e Washington rejte opinyon anpil peyi, tankou Meksik, ki fè kwè se yon koudeta ki fòse l kite pouvwa a. Prezidan ameriken an, Donald Trump, fè pibliye yon deklarasyon kote li di :

" Depa Morales la se yon moman trè zenpòtan pou demokrasi nan Emisfè Oksidantal la. Apre preske 14 zan sou pouvwa a ak tantativ Moralès te fè sa pa gen lontan pou l pase sou tèt konstitisyon an ak volonte pèp la, depa li prezève demokrasi e pare chemen an pou pèp bolivyen an fè tande vwa li."

Deklarasyon an, ki sòti nan La Mezon Blanch, ajoute evennman k ap dewoule nan Bolivi yo « voye yon siyal byen fò bay rejim ilejitim yo nan Venezuela ak Nikaragwa pou di yo demokrasi ak volonte pèp la pral triyonfe. Kounye a nou fè yon pa pi pre yon Emisfè Oksidantal ki totalman demokratik, pwospè e lib. »

Yon otorite wo-plase nan Depatman Deta a, ki t ap pale ak laprès nan yon apèl-konferans nan apremidi jounen lendi 11 novanm nan, fè konnen Washington pa konsidere demisyon Evo Morales la kòm rezilta yon koudeta, men pito kòm travay pèp bolivyen an ki te vle montre kijan li bouke ak yon gouvènman ki te refize respekte volonte li.

XS
SM
MD
LG