Accessibility links

Breaking News

Brèf Istorik Jijman Kongrè a Fè kont yon Prezidan Ameriken -'Impeachment"


Kongrè Lèzetazini an kote Chanam Bas la ap mennen ankèt sou akizasyonkòmkwa Prezidan Donald Trump ta komèt vyolasyon grav konstitisyon an -- akizsyon ki ka debouche sou jijman li ak revokasyon li. (Foto: AP/J. Scott Applewhite).
Kongrè Lèzetazini an kote Chanam Bas la ap mennen ankèt sou akizasyonkòmkwa Prezidan Donald Trump ta komèt vyolasyon grav konstitisyon an -- akizsyon ki ka debouche sou jijman li ak revokasyon li. (Foto: AP/J. Scott Applewhite).

Konstiisyon amerikèn nan, nan premye atik li, bay Chanm Reprezantan an (Chanm Bas la) tout otorite pou l deside si Prezidan an komèt yon vyolasyon grav ase ki fè li pèdi tout kalifikasyon pou l rete sou pouvwa a.

Rezon ki ka sèvi kòm baz pou Kongrè a jije yon prezidan ameriken:

Daprè konstitisyon Lèzetazini an, koz yon jijman prezidan an se “trayizon”, “detounman fon lajan Leta” avèk “wo krim ak deli oubyen lòt vyolasyon lalwa.” Men konstitisyon an pa defini sa li konsidere kòm “wo krim ak deli ou vyolasyon lalwa.”

PWOSESIS JIJMAN YON PREZIDAN AMERIKEN NAN KONGRÈ A AVÈK POSIBLITE POU L PÈDI POUVWA A

Premyèman, Depite yo vote pou yo diskalifye chèf deta a kòm lidè Lèzetazini; 2èmman, Sena a vote sou rezon ki fè prezidan an ta dwe kite pouvwa a. Nou di “ta dwe” paske, simenm Chanm Depite a deside Prezidan an vyole lalwa, sa pa vle di otomatikman li pral pèdi pouvwa a; puiske yon dènye faz pwosesis la gen pou dewoule nan Sena a e Gran Kò a dwe òganize yon vòt kote yon majorite 2/3 senatè deside si prèv yo lou ase, si vyolasyon an grav ase pou jistifye revokasyon prezidan an. Men rezilta premye faz la sifi deja pou prezidan sa a pase nan listwa kòm yon chèf deta ki tonbe anba "impeachment", savledi yon majorite Depite yo rive pwouve li vyole konstitisyon an. Nan fen yon seyans ke Vis Prezidan ameriken an preside, Senatè yo òganize yon vòt ki debouche sou vèdik la: rete sou pouvwa a oubyen revoke.

Andrew Johnson
Andrew Johnson

Anvan vòt ki dewoule nan Chanm Depite Lèzetazini an nan dat 31 oktòb 2019 la pou ofisyalize ankèt kont Prezidan Donald Trump la pou tabli evidans ki ta montre li vyole konstitisyon an, jijman 3 prezidan antre nan istwa peyi a depi li te pran endepandans li nan ane 1776. 3 prezidan sa yo se:

Prezidan Richard Nixon.
Prezidan Richard Nixon.

Prezidan Andrew Johnson an 1866: Rezon an se paske Misye Johnson te revoke yon minis, minis lagè a, Edwin Stanton, pou rezon politik. Kongrè a, ki pa t dakò ak revokasyon an, te vote pou jije prezidan an pou abidpouvwa, ki se yon vyolasyon lalwa. Tankou pwosedi yo mande sa a, Chanm Bas la te òganize yon vòt pou majorite a te adopte yon rezolisyon ki te montre pa A plis B prezidan an te vyole "standard procedures" yo, jan yo di sa an anglè, sa vle di fason etik, mannyè konstitisyonèl bagay yo dwe fèt. Nan ka Andrew Johnson nan, majorite senatè yo te vote pou kite li rete sou pouvwa…

Prezidan Bill Clinton nan moman eskandal Monica Lewinsky a (Foto Achiv).
Prezidan Bill Clinton nan moman eskandal Monica Lewinsky a (Foto Achiv).

2èm prezidan ameriken ki te tonbe anba “impeachment” –yon vòt nan Chanm Bas la ki montre li vyole konstitisyon an- se Richard Nixon an 1974 pou Afè Watergate la. Men 2èm faz pwosesis la, jijman prezidan an,. pa t gen tan dewoule nan Sena a, paske Misye Nixon te gen tan bay demisyon li…

Epi 3èm prezidan se William “Bill” Clinton nan dat 19 desanm 1998 pou yon eskandal ki antre nan istwa resan Lèzetazini kòm “Afè Monica Lewinski”… Sepandan, kòm pou Andrew Johnson an 1866, Sena a te vote pou akite Bill Clinton ki te rete sou pouvwa a e li te pase yon total 8 tan nan La Mezon Blanch (2 manda). Bibliyograf li yo di li te vin pi popilè aprè "impeachment" li a ke jamè anvan pandan prezidans li a.

XS
SM
MD
LG