Accessibility links

Breaking News

2èm Seri Deba Kandida Demokrat yo nan kad Kanpay Prezidansyèl 2020 an


Kandida demokrat yo ki t ap pastisipe nan premye deba prezidansyèl la nan Sant Adrienne Arsh pou l'Art Dramatik nan Miami, Eta Florid, nan dat 27 jen 2019 (Foto: DOSYE).
Kandida demokrat yo ki t ap pastisipe nan premye deba prezidansyèl la nan Sant Adrienne Arsh pou l'Art Dramatik nan Miami, Eta Florid, nan dat 27 jen 2019 (Foto: DOSYE).

Ozetazini, chakenn nan kandida a la prezidans Pati Demokrat la (se anviwon 20 an tou) pral eseye fè efò pou li pran distans li avèk rival li yo nan okazyon yon deba televizyon ki pral dewoule pandan 2 denye sware mwa jiyè 2019 la nan vil Detwa, nan Eta Michigan.

Tandiske 2 kandida ki se swadizan pòtpawòl zèl pwogresis pati a --Senatè Bernie Sanders ak Elizabeth Warren-- ap monte sou podyòm nan nan sware madi 30 jiyè a, kandida ki devan nan kous la, ansyen Vis Prezidan Joe Biden, pral defann dwa l pou l ranplase Prezidan Donald Trump nan jounen mèkredi a; e chak sware chak gwoup ap genyen 10 kandida ladan n.

Kandida e ansyen Vis Prezidan Joe Biden, ki te pran lapawòl nan 110èm Konvansyon Nasyonal NAACP a nan dat 24 jiyè 2019 la nan vil Detwa, Eta Michigan.
Kandida e ansyen Vis Prezidan Joe Biden, ki te pran lapawòl nan 110èm Konvansyon Nasyonal NAACP a nan dat 24 jiyè 2019 la nan vil Detwa, Eta Michigan.

Avèk yon avans klè nan sondaj yo depi premye deba ki te dewoule sa genyen yon mwa anviwon (men yon avans kap diminye depi kèk jou), ansyen Vis Prezidan Joe Biden, menmm jan a kèk lòt kandida, te fè li yon devwa pou l te vizite semèn pase a kèk lidè dwa sivik nwa ameriken; paske jiskaprezan youn nan gwo pwen nan aktyalite a Ozetazini se deklarasyon piman-bouk Prezidan Donald Trump fè pou l atake manm minoritè Chanm Bas Kongrè a-- kritik ki, daprè lidè demokrat yo, se deklarasyon ki totalman rasis.

Tele Mundo, yon chèn televizyon ki travay nan lang espayòl la di:

“Kesyon ras la tounen yon gwo zafè nan kous elektoral demokrat la lè Senatè Eta Kalifòni Kamala Harris te lage dout sou dosye Kandida Joe Biden nan deba ki te fèt nan mwa jen an nan Miami --deba ki te pase sou chèn televizyon NBC....”

Kandida demokrat a la prezidans e Senatris Eta Kaifòni Kamala Harris.
Kandida demokrat a la prezidans e Senatris Eta Kaifòni Kamala Harris.

Yon analis politik ki pale avèk sèvis ris Lavwadlamerik la, Pwofesè Aaron Kal k ap anseye nan Inivèsite Eta Michigan, fè konnen nou te met atann nou ak plis konfwontasyon toujou ant kandida yo:

<< Se petèt dènye okazyon pou anpil nan 20 kandida a yo make kèk pwen. E fason pou yo fè sa, se pou yo tope kòn yo a kakdida ki devan nan kous la; se pou yo montre yo agresif epi pa ezite atake yo.>>

Kandida Joe Biden te tonbe anba atak paske li te apiye, an 1994, yon pwopozisyon-lwa sou krim ki, daprè Senatè Kamala Harris, te debouche sou anprizonnman yon bann ak yon bakèt ameriken nwa ak latino. Senatè New Jersey a, Cory Booker, te repete menm kritik la; e, nan moman misye dèyè nan sondaj yo, se posib pou l retounen sou kesyon an ankò.

Yon lòt analis, Michael Traugott, k ap anseye nan Inivèsite Michigan tou e ki pale tou ak sèvis ris VOA a, di sa pa ta etone l si kandida yo santre atansyon yo pandan yon tan sou domèn ekonomik la.

“ Mwen panse li ta bon pou yo santre atansyon yo sou kesyon tankou swen sante, politik edikasyon oubyen ankò kreyasyon travay.”

Kandida e Senatè Bernie Sanders (I-Vt.), i t ap pale devan Asosyasyon Edikasyon Nasyonal la nan vil Houston, Eta Tegzas, nan dat 5 jiyè 2019 la.
Kandida e Senatè Bernie Sanders (I-Vt.), i t ap pale devan Asosyasyon Edikasyon Nasyonal la nan vil Houston, Eta Tegzas, nan dat 5 jiyè 2019 la.

Bò kote pa l, Senatè Eta Vermont la, Bernie Sanders, ki okipe 2èm plas la nan sonda yo aprè Joe Biden, gen difikilte pou l konsève avans li devan rival li, Elizabeth Warren, yon kolèg ki reprezante Eta Massachusetts nan Gran Kò a. Misye Sanders ben konsyan de pwoblèm sa a.

“Nou bezwen yon kanpay elektoral ki pote enèji nan mitan pèp ameriken an e ki eksite pèp la.”

Deba madi 30 a Mekredi 31 jiyè 2019 la, menm jan ak 2 deba anvan yo, pral ofri kandida yo yon chans pou yo pale dirèkteman avèk elektè yo; menm jan yo va gen chans pou yo fè sa nan mwa k ap vini la yo toupatou atravè peyi a.

XS
SM
MD
LG