Accessibility links

Breaking News

Sena Etazini an Vote pou Bloke Enplikasyon ameriken Nan Lagè Yemen nan


Foto Kongrè Etazuni an, Capitol Hill. AP/ Susan Walsh.
Foto Kongrè Etazuni an, Capitol Hill. AP/ Susan Walsh.

Sena Etazuni an vote mèkredi 28 novanm ak 63 vwa pou e 37 vwa kont sou yon mezu ki vize mete fen nan enplikasyon ameriken nan lagè Arabi Sawouditt ap dirije nan Yemen nan. Vòt sa a reprezante pou pifò yon siyal yo vle voye bay administrasyon prezidan Donald Trump-la, paske repibliken nan chanm bass la pa bay okenn endikasyon kòmkwa yo pral fè menm-man parèyman.

Vot sa a, se anmèmtan yon prèv ki montre gwo diferans ki egziste kounye a ant lamezon blanch ak palmantè ameriken yo sou dosye Arabi Sawoudit la , apre tout sena a finn resevwa enfòmasyon sekrè nan men ekip sekirite nasyonal prezidan Trump-la.

XS
SM
MD
LG