Accessibility links

Breaking News

Etazini: Repibliken yo Ki Deja an Majorite Rapòte yon Lòt Syèj nan Sena a


Senatè eli Repibliken Cindy Hyde-Smith pou eta Mississippi, 27 novanm 2018.
Senatè eli Repibliken Cindy Hyde-Smith pou eta Mississippi, 27 novanm 2018.

Ozetazini, Pati Repibliken an ajoute yon lòt plas sou kantite palmantè li te genyen nan Sena a apre eleksyon 6 novanm pase a.

Sa k pèmèt pati ki nan La Mezon Blanch la ranfòse majorite li nan Gran Kò a, se rezilta yon vòt ki dewoule yè madi a nan Eta Mississippi kote eleksyon an te tèlman sere nan fen jounen elektoral 6 novanm nan, otorite yo te deside oganize yon 2èm tou.

Prezidan Donald Trump te fè anpil pou l ede kandida repibliken an ranpòte laviktwa.

XS
SM
MD
LG