Accessibility links

Breaking News

Jistis ak Laprès USA / Yon Jij Retabli Akreditasyon Jounalis Jim Acosta nan La Mezon Blanch

Repòtè CNN Jim Acosta pandan li t ap antre nan yon tribinal federal nan Washington, mèkredi 14 novanm 2018 la, pou l te tande santans yon jij sou defi li te lanse kont desizyon administrasyon Trump la te pran pou koupe antre-sòti li nan La Mezon Blanch.

La Mezon Blanch ap planifye pou l revoke akreditasyon jounalis chèn televizyon CNN, Jim Acosta, lè vèdik yon jij federal te rann anfavè jounalis la va rive nan bout li nan fen mwa novanm 2018 la.

Administrasyon Trump la te bloke aksè mesye Acosta nan La Mezon Blanch aprè yon gwo diskisyon te pete ant li menm ak lidè ameriken an pandan yon konferans pou laprès sa gen 2 semèn. Men yon jij federal Mesye Trump te nonmen, Mèt Timothy Kelly, te deklare gouvènmanan vyole dwa konstitsyonèl jounalis la pou l egzèse libète dopinyon li.

La Mezon Blanch te retabli akreditasyon repòtè CNN nan tousuit aprè jij la te anons vèdik la. Otorite yo nan administrasyon Trump la di yo pare pou yo bloke antre Jim Acosta nan palè a yon lòt fwa ankò.

XS
SM
MD
LG