Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Plis Pase 170 Imigran Ayisyen Gen pou Retounen Nan Peyi yo Abò yon Avyon Militè Chilyen.


Prezidan Chili a Sebastian Pineda ansanm ak Madan Marye li.
Prezidan Chili a Sebastian Pineda ansanm ak Madan Marye li.

Yon avyon militè Chilyen ap mennen tounen ann Ayiti plis pase 170 imigran ayisyen mèkredi 7 Novanm 2018 la nan kad pwogram retou volontè gouvènman Sebastian Pineda a mete sou pye depi mwa Oktòb pase a. Dapre plan rapatriman volontè a, ayisyen ki patisipe nan pwogram nan pap kapab retounen O Chili pandan apeprè 10 zan. Selon estatistik ofisyèl gen plis pase 165 mil ayisyen ki antre O Chili ant 2016 a 2017.

Minis Ekonomi ak Finans Ayiti a, Ronald Decembre fè konnen gouvènman an ap etidye posibilite pou l ogmante pri pwodui petwolye yo. Selon responsab la otorite yo ap gade pou wè ki mwayen yo kapab itilize pou desizyon an gen mwens enpak sou popilasyon an. Sa gen kèk mwa popilasyon te pran lari, kote li te kraze brize pou pwoteste kont ogmantasyon pri pwodui petwolye yo sou mache nasyonal la.

XS
SM
MD
LG