Accessibility links

Breaking News

Pentagòn nan Pare "pou l Voye Sòlda sou Fwontyè US-Meksik la" pou Anpeche Migran Antre Ilegalman nan Peyi a


Katye Jeneral Pentagòn nan, nan pati nò Eta Vijini, tou prè Washington.
Katye Jeneral Pentagòn nan, nan pati nò Eta Vijini, tou prè Washington.

Daprè nouvel ki sòti nan Pentagòn nan (kidonk Depatman Defans Lèzetazini an), otorite yo ap anvizaje pou yo depeche plizyè santèn sòlda sou fwontyè amerikano-meksiken an aprè Prezidan Donald Trump te repete, nan kòmansman jounen jedi 25 oktòb 2018 la, lame kapab pase alaksyon pou li anpeche migran antre Ozetazini an pasan pa fwontyè peyi a avèk Meksik.

Yon ofisyèl nan Pentagòn nan, ki pale avèk Lavwadlamerik, fè konnen efektif militè ki prale sou fwontyè a pral depann de ki valè ak ki kalite travay Department of Homeland Security (oubyen Depatman Sekirite Enteryè a) va mande yo fè. Men li presize premye travay twoup militè sa a, se pote konkou li bay gad fwontyè yo. Plis pase 2 mil manm Gad Nasyonal (ki sòti nan anpil Eta) deja ale sou plas nan rejyon an pou menm travay la.

Migran Santwo-Ameriken.
Migran Santwo-Ameriken.

Nouvèl yo fè konnen tou, aprè karavanye yo te fin pase nuit la ap pran repò nan vil Mapastepec, sou prè fwontyè Meksik ak Gwatemala, yo redemare byen bonè jedi 25 oktòb la. Sepandan maladi, lapèrèz avèk nuizans lapolis gen move konsekans sou fizik yo ak moral yo. Se konsa, alòske sa gen 2 zou 3 jou sèlman, kantite a te monte rive 7 mil, chif la desann pou l rete ant 3 mil a 4 mil moun kounyela a.

Anfen otorite yo nan Meksik di gen anpil manm Karavàn nan ki kite gwoup la pou yo mande azil nan men sèvis imigrasyon meksiken an, tandiske plizyè santèn lòt aksepte yon òf gouvènman meksiken an fè pou li ofri yo mwayen transpò pou yo retounen nan peyi yo.

XS
SM
MD
LG