Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump di Karavàn Santwo-Ameriken k ap Antre Apye Ozetazini an, se Fot Meksik, Salvadò, Gwatemala ak Ondiras


Migran ondiryen k ap patisipe nan karavàn ki pran direksyon Lèzetazini an, an pasan pa Gwatemala avèk Meksik..
Migran ondiryen k ap patisipe nan karavàn ki pran direksyon Lèzetazini an, an pasan pa Gwatemala avèk Meksik..

Prezidan ameriken an, Donald Trump, deklare: <<Kounyela a, Lèzetazini pral kòmanse koupe oubyen redui seryezman kantite èd entènasyonal l ap bay peyi Ondiras, Gwatemala ak Salvadò; paske “yo pa kapab fè travay la, travay pou yo bloke migan k ap kite peyi sa yo pou yo antre ilegalman Ozetazini.”>>

Lidè ameriken an pale konsa nan yon tweet li pibliye byen bonè nan kòmansman jounen lendi 22 oktòb 2018 la ((https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1054356145798856704)) nan moman yon gwoup ki gen ladan n plizyè milye migran –pi fò nan yo se sitwayen ondiryen- fin pase nuit dimanch la nan vil Tapachula, nan pati sid peyi Meksik, pandan y ap kontinye wout yo nan direksyon tèritwa ameriken an nan kad efò y ap fè pou yo kouri pou vyolans ak lamizè ki genyen nan peyi yo.

Prezidan Trump ajoute: <<Se tris pou w wè lapolis ak lame peyi Meksik pa kapab bloke deplasman karavàn ki mete tèt sou fwontyè Lèzetazini an. Kriminèl ak enkoni ki sòti nan Mwayen Oryan an antre nan mitan gwoup la. Mwen deja voye yon apèl bay Polis Fwontyè a avèk Fòzame Amerikèn yo (https://twitter.com/realDonaldTrump/status/1054351078328885248) pou m di yo sa reprezante yon veritab ijans nasyonal… ki ta menm mande pou n chanje lwa n yo.>>

Migran santwo-ameriken ki sou wout pou yo antre Ozetazini. Foto sa a montre yon pati nan gwoup la ki te òganize yon demonstasyon pou yo mande otorite yo kite yo pase nan Ciudad Hidalgo, Eta Chiapas, o Mexico, aprè yo te fin travèse tèritwa Gwatemala a. (Foto: 20 oktòb 2018).
Migran santwo-ameriken ki sou wout pou yo antre Ozetazini. Foto sa a montre yon pati nan gwoup la ki te òganize yon demonstasyon pou yo mande otorite yo kite yo pase nan Ciudad Hidalgo, Eta Chiapas, o Mexico, aprè yo te fin travèse tèritwa Gwatemala a. (Foto: 20 oktòb 2018).

2 semèn anvan dewoulman eleksyon palmantè mi-manda yo, Prezidan Trump –ki se yon Repibliken- pa mete dlo nan bouch li pou l di se Demokrat yo ki responsab si yon gwo kokenn foul sitwayen peyi santwo-ameriken yo ap antre sou teritwa ameriken an. Ak pwòp bouch li, prezidan an deklare:

<<Chak fwa ou wè yon karavàn, oubyen moun k ap antre (ou eseye antre) ilegalman nan peyi nou an, ou mèt lonje dwèt sou Demokrat yo; ou mèt lage blam nan sou do yo kareman, paske se lidè yo nan Kongrè a ki refize ban nou kantite vwa nou bezen pou n chanje vye lwa sou imigrasyon nou genyen yo. Alòs, reflechi sou jan nou pral vote nan elekson mi-manda yo. Paske sa k ap fèt la a, se yon enjistis pou imigran ki antre legalman nan peyi a.>>

Karavan nan rive nan vil Tapachula, o Meksik, dimanch 21 oktòb 2018. (Foto: REUTERS/Ueslei Marcelino).
Karavan nan rive nan vil Tapachula, o Meksik, dimanch 21 oktòb 2018. (Foto: REUTERS/Ueslei Marcelino).

Eleksyon mi-manda yo se pou madi 6 novanm 2018 la, kidonk nan 2 semèn. Repibliken ak Demokrat ap redi youn pou kenbe kontwòl la nan 2 chanm Kongrè a (se Repiblken yo), epi lòt yo (Demokrat yo) ap batay pou yo repran majorite a nan Sena a ak Chanm Reprezantan an.

XS
SM
MD
LG