Accessibility links

Breaking News

Bilan Manifestasyon ki Make 17 Oktòb la ann Ayiti


Polisye ki te pran abri pandan manifestasyon 17 oktòb 2018 la nan Pòtoprens.
Polisye ki te pran abri pandan manifestasyon 17 oktòb 2018 la nan Pòtoprens.

Ann Ayiti, mèkredi 17 oktòb 2018 la, manifestan te pran lari nan divès vil peyi a (tankou kapital la, Pòtoprens, Okay, Okay, Gonayiv, Sen Mak, Jeremi, Leyogàn, Pò-de-Pèp, Fò-Libète, Miragwàn, Jakmèl, elatriye, pou yo te make 212èm anivèsè asasina pè fondatè nasyon an, Jan-Jak Desalin, epitou pou yo te patisipe nan mouvman pwotestasyon kote yo repete yon eslogan ki nan bouch pèp la depi lontan deja:

KOTE KOB PETROCARIBE A YE?

Anpil kote manifestan yo te gen nan tèt yo lidè kèk òganizasyon nan sosyete sivil e nan mond politik la. Fòsdelòd yo --jan yo te pwomèt sa- te pran dispozisyon pou yo evite derapaj, pou yo anpeche manifestan atake vi ak byen lòt sitwayen.

00000000000000000000000000000000000000

2 moun mouri anba bal e plizyè blese: Se bilan manifestasyon ki dewoule nan Peyi d Ayiti nan jounen 17 oktòb la. Pòtpawòl Polis Nasyonal la, Louis Jeune MIchel-Ange, bay Lavwadlamerik detay sou bilan.

00000000000000000000000000000000000000

Prezidan Jovenel Moïse pwomèt pou l fasilite ankèt ki dwe fèt sou dosye PetroCaribe a, daprè Sekretè Deta Kominikasyon an ki bay yon konferans pou laprès nan jounen jedi a.

XS
SM
MD
LG