Accessibility links

Breaking News

Manifestan Bloke yon Kotèj Gouvènmantal nan Sen Mak nan Fen Jounen 17 Oktòb la - Prezidan Moise PAT nan Kotèj la


Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse.

Denye nouvèl ki sòti Ayiti nan kòmansman sware 17 oktòb 2018 la fè konnen yon popilas te bare yon kòtèj gouvènmanal ann arivan li nan vil Sen Mak pandan li t ap sòti nan vil Machan Desalin pou l retounen Pòtoprens. Otorite wo-plase nan gouvènman ayisyen an te ale nan vil ki pote non Lanprè Jan-Jak Drsalin nan pou yo asiste yon seremoni nan kad komemorasyon 212èm anivèsè lanmò pè fondatè la Patri.

N ap ensiste sou lefèt ke Prezidan Jovenel Moise pa t nan kotèj la, paske lidè ayisyen an te fè deplasman an nan elipotè ni lè li t ap kite Pòtoprens la, ni lè li t ap retounen nan kapital la.

Klike sou lyen ki anlè liyn sa a pou w tande repòtaj korespondan nou nan Sen Mak, Junior Racine ki fè konnen li te 6 zè di swa (lè Pòtoprens, Sen Mak ak Washington) li potko klè si lapolis te rive rezoud sitiyasyon an.

XS
SM
MD
LG