Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ayisyen Jovenel Moise ap Pare Pou Renouvle Manda Jij yo anvan Komansman Mwa Kap vinn La a


Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse
Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse

Prezidan Jovenel Moise pwomèt pou l pran yon dekrè pou l renouvle manda jij yo avan premye oktòb. Sa pa gen lontan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) te ekri prezidan an pou atire atansyon n sou ekspirasyon manda jij yo ki kapab gen yon enpak negatif sou fonksyonman aparèy jidisyè a.

Lòt nouvèl konsènan peyi Dayiti

Sektè opozisyon demokratik la fikse pou dimanch 23 Septanm nan yon gwo manifestasyon nan plizyè katye nan kapital la pou denonse kom gaspiyaj ki ta genyen nan fon petwo Karibe a. Plizyè manifestasyon ap dewoule nan kapital la, gran vil pwovens yo ak nan dyaspora a pou mande dirijan gouvènman pase yo yon kont randu sou fason lajan an te depanse.

Responsab Unite de Lutte kont La Corruption majò David Basil fè konnen ajans l ap dirije a mye plase pou l fè limyè sou fason fon lajan pwogram Petro Caribe a ta depanse. Responsab la di ajans la kòmanse prepare pou l travay sou dosye a ann atandan konklizyon travay KoudèKont ki prevwa pou kòmansman ane 2019 la. Selon majò David Basil ki t ap pale ak jounalis yo ajans la bezwen mwayen finansye nesesè pou l anplwaye ekspè etranje pou asiste yo nan ankèt la.


Bank Mondyal anonse l ap bay administrasyon Moise --Ceant an yon fon asistans 20 milyon dola pou sektè enèjetik peyi a. Elektrisite 24 sou 24 nan tout peyi a se youn pami pwomès Prezidan Jovenel Moise fè pou l reyalize pandan manda li sou pouvwa a. Oganizasyon finansye entènasyonal la ofri Caravane Chanjman an yon asistans finansye 15 milyon 350 mil dola soti Oktòb 2017 pou rive Jwen 2018. Ministè Anviwonman, Travo Piblik ak Agrikilti resevwa asistans finansye kòm sipò finansye pou egzèsis fiskal la.

Prezidan Jovenel Moise pwomèt pou l pran yon dekrè pou l renouvle manda jij yo avan premye oktòb. Sa pa gen lontan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) te ekri prezidan an pou atire atansyon n sou ekspirasyon manda jij yo ki kapab gen yon enpak negatif sou fonksyonman aparèy jidisyè a.

Komisyon Nasyonal Jistis ak Lapè (JILAP) pibliye yon rapò pou l di 9 dènye mwa ki pase yo gen 415 moun ki mouri pa bal revolvè nan peyi a. 60 pou 100 nan viktim yo se nan alantou kapital la.

Bank Repiblik Dayiti pibliye premye rapò l sou taks 1dola 50 frè transfè k ap soti ann Ayiti ou byen nan dyaspora a ap peye depi 2011 pou fon edukasyon an. Dapre rapò BRH la, montan an depase 120 milyon dola ki soti nan dyaspora a. Rapò a endike gen plis pase 117 milyon dola ki ale nan trezò piblik la ak yon balans plis pase 2 milyon dola toujou rete nan Bank Repiblik Dayiti (BRH).

XS
SM
MD
LG