Accessibility links

Breaking News

Avoka Defans Doktè Christine Blasey Ford Mande yon Ankèt FBI sou swadizan Atak seksyèl Brett Kavanaugh a


Brett Kavanaygh, Kandida pou Kou Siprèm Etazini an .AP/Andrew Harnik
Brett Kavanaygh, Kandida pou Kou Siprèm Etazini an .AP/Andrew Harnik

Avoka defans dam ki lanse akizasyon aso seksyèl sou kandida kou siprèm Etazini Brett Kavanaugh, yon zak mesye Kavanaugh ta swadizan komèt depi plis pase 30 tan, enben li di viktim nan ta renmen pou FBI mennen yon ankèt sou akizasyon yo anvan li bay depozisyon an piblik sou kesyon an. Kandida kou suprèm rejte etikèt Madam Christine Blasey Ford ap eseye kole sou do li a, e li presize li pare pou bay vèsyon pa li konsènan evènman an devan komisyon jidisyè sena ameriken an lendi kap vinn la a.

Sena-a envite akizatris Christine Blasey Ford pou vinn bay depozisyon sou dosye a tou. Sepandan avoka defans viktim nan voye yon lèt bay prezidan komisyon jidisyè Chuck Grassley madi 18 septanm pou di : sanble anpil nan senatè republiken yo deja pran desizyon pou kwè kandida kou siprèm Brett Kavanaugh pito, se pou rezon sa-a, li enpòtan pou ouvè yon envestigasyon san paspouki sou dosye a.

XS
SM
MD
LG