Accessibility links

Breaking News

Gad Kot Aysien e Ameriken Sove Plizyè pechè pwason sou Zile La Navaz


Bato Gad-Kot Ameriken
Bato Gad-Kot Ameriken

Gad kòt ayisyen, LaKwa Wouj, Sèvis Navigasyon maritim ak Gad Kòt Ameriken jwen yon group pechè pwason sen e sof sou zile La Navase apre plizyè jou absans. Sitwayen sa yo, ki te soti pou pifò nan Bonbon, Les Irois, Anse d'Hainault ak lòt vil kotyè depatman an, tal pran refuj sou zile a akoz move tan ki te frape zòn Sid peyi a.

Oganizasyon Entènasyonal Frankofoni an lanse 4tryèm edisyon Pri Jèn Jounalis ann Ayiti anba tèm "Jeunesse en Action". Patisipan yo, ki dwe genyen ant 18 a 35 kan, gen jiska 16 Novanm 2018 pou yo soumèt zèv yo ou byen dokiman yo bay òganizasyon an sou entènèt.


Anbasad amerikèn fè soti yon nòt pou l di Etazini pa kapab tann pou l kòmanse travay ak administrasyon Moise-Ceant an. Selon nòt la, Etazini di l ap kontinye travay ak Ayiti pou l ranfòse eta de dwa, sekirite piblik, kwasans ekonomik pandan y ap ankouraje envestisman prive, konsolide efò pou bòn gouvènans, lit kont koripsyon, ak trafik dròg san bliye ogmante aksè nan swen sante ak edikasyon. Se te yon nòt ki soti nan Anbasad amerikèn nan Pòtoprens. Unyon Ewopeyèn, MINUJUSTH, Kanada ak lòt peyi salye enstalasyon nouvo gouvènman an.

Yon lòt kote, Anbasad la anonse yon group 9 jèn antreprenè ayisyen pral vwayaje Ozetazini , yon fason pou patisipe nan pwogram bousye pwofesyonèl Inisyativ Jèn Lidè Amerik yo (YLAI) pandan mwa Septanm ak mwa Oktòb la. Jèn ayisyen sa yo, ki figire sou yon lis 250 jèn ki soti nan plis 30 peyi peyi nan Karayib la ak amerik latin nan, pral fè staj nan yon seri antrepriz ak òganizasyon non gouvènmantal nan 20 vil Ozetazini. Jèn sa yo ap gen pou yo travay ak antreprenè ameriken , dekwa pou yo kapab pataje eksperyans yo lè pwogram nan va rive.

XS
SM
MD
LG